1(2) Nou Det 7.21; Ney 1.5; Mal 1.14 tout pèp yo, bat bravo!
Fè lwanj Senyè a!
Rele ak kè kontan!
2(3) Paske, Sòm 18.47 Senyè ki anwo nan syèl la,
se moun ki pa nan jwèt,
se moun pou nou pè.
Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè.
3(4) Li Am 8.7; Na 2.2; 1 Pyè 1.4 fè nou donminen sou anpil pèp,
li mete anpil nasyon sou zòd nou.
4(5) Se 2 Sam 6.15; Sòm 68.18 li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou.
Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo.
5(6) Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele,
y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan.
6(7) Chante Zak 14.9; 1 Kwo 14.15 pou Bondye, fè lwanj li!
Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li!
7(8) Paske, 1 Kwo 16.31; Sòm 22.28 se Bondye ki wa sou tout latè.
Chante yon chante espesyal pou li!
8(9) Bondye Sòm 72.11; 89.18; Eza 49.7,23 donminen sou tout nasyon yo.
Bondye chita sou fòtèy ki apa pou li a.
9(10) Chèf lòt peyi yo mete tèt yo ansanm
ak pèp Bondye Abraram lan,
paske se Bondye ki gen tout zam pou defann pèp yo.
L'ap donminen sou tout bagay.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.