Sòm 102 - 1998 Haitian Creole

SÒM 102 (101)Lapriyè moun ki anba tray(1) Lapriyè Egz 2.23; Sòm 39.12 yon moun ki anba tray. Li pa kapab sipòte ankò. L'ap rakonte Bondye ka li.

1(2) Senyè, Sòm 18.6; 27.9; 56.9; 69.17 koute m non lè m'ap lapriyè,

se pou rèl mwen rive nan zòrèy ou.

2(3) Pa Lam 1.13; Jak 4.14 vire do ban mwen lè mwen nan traka.

Panche zòrèy ou bò kote m.

Prese vin reponn mwen lè m'ap rele ou.

3(4) Lavi m 2 Sam 12.17; Eza 40.7; Jak 1.10,11 ap disparèt tankou lafimen.

Mwen gen yon lafyèb nan zo.

4(5) Mwen Jòb 19.20 anba gwo kou.

Mwen tankou zèb koupe k'ap cheche.

Mwen sitèlman boulvèse,

mwen pa menm chonje manje.

5(6) Mwen Eza 34.11; Sof 2.14 tounen zo ak po tèlman m'ap plenn.

6(7) Mwen sanble yon tako savann,

mwen tankou frize ki rete nan vye kay kraze.

7(8) Mwen Tra 26.11 pa ka dòmi,

mwen tankou yon zwazo ki pou kont li sou yon do kay.

8(9) Tout Sòm 42.3 lajounen lènmi m yo ap joure m.

Moun k'ap pase m nan rizib yo pran non m sèvi jouman.

9(10) Se sann dife ki tout manje m.

Dlo nan je m fè yon sèl ak dlo m'ap bwè.

10(11) Ou Sòm 109.23 sitèlman ankòlè, ou sitèlman fache,

ou pran m, ou voye m jete byen lwen.

11(12) Kò m Egz 3.15; Sòm 135.13 ap tchoule tankou solèy k'ap kouche.

M'ap cheche tankou zèb.

12(13) Men Eza 60.10; Jer 29.10; Zak 1.12 ou menm, Senyè, w'ap gouvènen pou tout tan.

Pitit an pitit y'ap chonje non ou!

13(14) W'a Ney 4.2 leve, w'a gen pitye pou lavil Siyon an,

paske li lè pou ou gen pitye pou li. Jou a rive.

14(15) Moun 1 Wa 8.43; Sòm 138.4; Eza 60.3 k'ap sèvi ou yo renmen lavil Siyon an.

Kè yo fè yo mal pou yo wè jan l'ap fini.

15(16) Lè Sòm 147.2; Eza 60.1,2 sa a, moun lòt nasyon yo va gen krentif pou Senyè a,

tout wa ki sou latè va pè bèl pouvwa li.

16(17) Senyè a va rebati lavil Siyon,

l'a fè wè jan li gen pouvwa.

17(18) L'a Sòm 22.31; Eza 43.21; Wòm 15.4; 1 Kor 10.11 pran ka moun ki san sekou yo lè y'a lapriyè,

wi, li p'ap meprize lapriyè yo.

18(19) Se Det 26.15; Sòm 14.2 pou yo ekri sa pou timoun k'ap vini yo ka konnen l,

pou timoun ki poko fèt yo ka fè lwanj li.

19(20) Senyè a Sòm 79.11 rete anwo nan kay ki apa pou li a, li gade anba,

li rete anwo nan syèl la, l'ap gade sou latè,

20(21) pou l Sòm 22.22 tande jan prizonye yo ap plenn,

pou l delivre moun yo kondannen amò yo.

21(22) Konsa, Sòm 22.27 moun va nonmen non Senyè a nan tout lavil Siyon an.

Y'a fè lwanj li nan lavil Jerizalèm,

22(23) lè Sòm 89.45 tout nasyon yo ak tout gouvènman ki sou latè yo

va sanble pou sèvi Senyè a.

23(24) Mwen Jòb 36.26; Sòm 90.2; Eza 38.10 te jenn gason toujou lè Senyè a kraze kouray mwen:

li koupe sou lavi m.

24(25) Mwen Eb 1.10-12 di: Jen 1.1; Jòb 38.4-7; Eza 42.5 Bondye mwen, ou menm k'ap viv pou tout tan,

pa pran m kounyeya. Mwen jenn gason toujou.

25(26) Se Sòm 102.12; Eza 34.4; 51.6; Mat 24.35; Rev 20.11 ou menm, Senyè, ki te kreye latè nan tan lontan.

Se avèk men ou ou te fè syèl la.

26(27) Yo Eza 41.4; Mal 3.6; Jak 1.17 gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la.

Yo gen pou yo vin vye tankou rad.

W'ap chanje yo tankou yo chanje rad, w'a mete yo sou kote.

27(28) Men Sòm 37.29; 69.36 ou menm, ou p'ap janm chanje,

ou p'ap janm mouri.

28(29) Pitit sèvitè ou yo va rete nan peyi a san danje.

Pitit pitit yo va toujou viv devan je ou.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help