Jeremi 5 - 1998 Haitian Creole

Lavil Jerizalèm fini

1Mache toupatou Yo

Pa gen malè ki pou rive nou.

P'ap gen lagè. P'ap kras gen grangou!

13Pwofèt yo p'ap di anyen la a.

Se pa Bondye k'ap pale nan bouch yo.

Malè yo wè a, se sou yo pou l tonbe.

14Se Jer 1.9,10; Zak 12.6; Rev 11.5 poutèt sa, men sa Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di m:

— Jeremi, poutèt sa yo di a,

m'ap fè pawòl mwen mete nan bouch ou tounen yon dife.

Yo menm, y'ap tankou fachin.

Dife a pral boule yo nèt.

15Men Det 28.49; Eza 33.19; Am 6.14 sa Senyè a di ankò:

— Nou menm, pèp Izrayèl, Senyè a pral fè yon nasyon sòti byen lwen vin atake nou,

yon nasyon ki fò, yon nasyon ki la depi lontan,

yon nasyon ki pale yon lang nou pa konnen,

yon nasyon nou p'ap konprann sa y'ap di.

16Sòlda Eza 5.28 k'ap tire flèch yo se vanyan gason yo ye,

y'ap touye moun san gad dèyè.

17Y'ap Det 28.31; Oze 8.14 devore tout rekòt ak tout manje nou yo.

Y'ap touye ni pitit gason, ni pitit fi nou yo.

Y'ap koupe tèt bèf, tèt kabrit ak tèt mouton nou yo.

Y'ap koupe dènye pye rezen ak dènye pye fig frans nou yo met atè.

Y'ap kraze dènye lavil ak ranpa nou te kwè ki ta ka pwoteje nou yo.

Y'ap vini atake nou ak nepe.

18Men sa Senyè a di ankò:

— Men, menm lè sa a, mwen p'ap detwi pèp mwen an nèt.

19Lè Det 28.47,48; 1 Wa 9.8,9; Jer 16.10,11 y'a mande poukisa Senyè a, Bondye yo a, ap fè yo sibi tou sa, w'a di yo: Menm jan yo te vire do ban mwen pou y'al sèvi bondye moun lòt nasyon yo isit nan pwòp peyi yo a, konsa tou, nou pral sèvi moun lòt nasyon yo nan yon peyi ki pa pou nou.

Avètisman Bondye bay Izrayèl

20Senyè a di ankò:

— Men sa pou ou di moun fanmi Jakòb yo.

Men sa pou ou fè moun Jida yo konnen.

Di yo konsa:

21Louvri Det 32.6; Eza 6.9; Mat 13.14 zòrèy nou byen pou nou tande, bann egare san konprann!

Nou gen je, men nou pa ka wè.

Nou gen zòrèy, men nou pa ka tande.

22Se Jòb 38.10,11; Sòm 46.3; 104.9; Jer 10.7 Senyè a k'ap pale ak nou:

Poukisa nou pa gen krentif pou mwen?

Se mwen menm ki mete sab pou sèvi limit pou lanmè a,

yon limit k'ap la pou tout tan,

yon limit li p'ap ka janm depase.

Lanm lanmè yo mèt move, yo p'ap ka fè anyen.

Lanmè a te mèt gwonde, li p'ap ka janm depase l.

23Men, pèp la gen tèt di, yo pa vle koute.

Yo vire do ban mwen, y'al kite m.

24Sa Jen 8.22; Det 11.14; Jer 14.22; Mat 5.45; Tra 14.17 pa janm vin nan lide yo pou yo di:

Annou gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an,

li menm ki voye lapli lè pou n gen lapli,

ki ban nou sezon rekòt nou chak lanne.

25Se Jer 3.3 mechanste nou ki boulvèse tout bagay sa yo.

Se peche nou yo ki fè nou pa jwenn tout bon bagay sa yo.

26Gen Sòm 10.9; 124.7; Pwo 1.11 yon bann mechan k'ap viv nan mitan pèp mwen an.

Y'ap veye konsa tankou moun k'ap tann kabann pou zwazo.

Yo mete pèlen pou pran moun.

27Menm jan chasè yo plen kalòj yo ak zwazo,

konsa tou, yo plen kay yo ak sa yo vòlò.

Se sa ki fè yo grannèg, yo rich konsa.

28Yo Det 32.15; Eza 1.23; Jer 7.6 gra, po figi yo klere ak grès.

Yo pa gen limit nan fè sa ki mal.

Pou yo ka rive, yo kraze tout moun anba pye yo,

ata timoun san papa.

Yo pa defann kòz malere.

29Atò, pou m pa ta pini yo pou sa?

Pou m pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa?

Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.

30Sa Jer 23.14 k'ap pase nan peyi a,

se bagay pou moun mete men nan tèt,

bagay pou fè moun pè.

31Annik Jer 6.13; 14.18; Mi 2.11 manti ase pwofèt yo ap bay.

Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen.

Pèp la menm renmen l konsa.

Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help