2 Makabe 8 - 1998 Haitian Creole

Jida Makabe antre nan batay(1 Makabe 3.1-26)

1Pandan sa t'ap fèt konsa, Jida Makabe ak moun pa l yo fofile kò yo pase nan tout ti bouk yo. Yo pale ak fanmi yo, yo ranmase tout moun ki te rete fèm nan relijyon jwif yo, jouk yo rive gen yon lame simil (6.000) moun.

2Yo lapriyè nan pye Granmèt la pou mande l pou li voye je l sou pèp li a ki t'ap soufri kraze anba pye tout moun, pou li te gen pitye pou tanp bann moun ki pa konn Bondye yo t'ap derespekte a,

3pou l te gen pitye pou lavil Jerizalèm moun yo t'ap kraze epi ki pa te lwen mete l ratè. Yo mande l tou pou li panche zòrèy li koute vwa san moun yo te touye yo, epi ki t'ap rele mande revanj,

4pou li chonje timoun inonsan yo te masakre san pitye yo ak tout pawòl derespektan yo te di sou non li, lèfini pou li moutre jan li pa vle wè mechanste moun ap fè.

5Fini Jida Makabe fin òganize lame patizan l yo, pa te gen moun lòt nasyon ki te ka bat li, paske lè sa a Granmèt la te chanje, li pa te fache ankò sou pèp Izrayèl la, li te vin gen pitye pou li.

6Jida rete konsa epi li atake lavil yo ak ti bouk yo san bay ankenn avètisman, lèfini li boule yo. Li pran pi bon pozisyon yo, epi se pa de lame lènmi li pa te bat byen bat.

7Li te toujou chwazi lannuit pou l atake paske fènwa a te bon pou li. Se toupatou yo t'ap pale sou jan mesye te brav gason.

Toleme voye Nikanò atake Jida(1 Makabe 3.38—4.22)

8Lè Filip wè se chak jou Jida t'ap genyen plis ti batay toujou sou lènmi li yo, se chak jou li t'ap pran plis fòs, li ekri Toleme, gouvènè peyi Selesiri ak peyi Fenisi a, li mande l vin ede l defann enterè wa a.

9Lamenm Toleme chwazi Nikanò, pitit gason Patwòk, yonn nan pi gwo zanmi wa yo, li voye l ak yon lame ki te gen pou pi piti venmil (20.000) sòlda ki te sòti nan divès peyi, avèk misyon pou li disparèt ras moun jwif yo nèt ale. Toleme voye avè l tou Jòjyas, yon jeneral lame ki te gen anpil esperyans nan fè lagè.

10Nikanò pou tèt pa l te fè lide vann jwif li va fè prizonye yo. Konsa li ta ranmase swasannsimil (66.000) kilo ajan pou li peye lajan taks wa Antyokis te dwe chèf lavil Wòm yo.

11Se konsa li prese voye envitasyon bay moun ki rete nan lavil ki bò lanmè yo pou yo vin achte esklav, li ofri yo pri li: twa esklav pou yon kilo ajan. Men, li pa te konprann Bondye ki gen tout pouvwa a te sere yon chatiman pou li apre sa.

Jida ap pare pou Nikanò(1 Makabe 3.42-54)

12Jida vin konnen Nikanò t'ap mache sou peyi Jide a. Li voye avèti tout mesye l yo lame lènmi an t'ap pwoche.

13Lè sa a, sa ki te kapon yo ak sa ki pa te gen konfyans nan jistis Bondye yo kouri met deyò, yo di pye sa n manje nou pa ba ou!

14Sa ki te rete yo pran tou sa yo genyen, yo vann yo, epi yo lapriyè Granmèt la pou li delivre yo anba men Nikanò, nonm ki pa sèvi Bondye a, epi ki te gentan vann yo anvan menm batay la te konmanse.

15Yo mande Bondye si li pa ka fè sa pou yo paske yo pa merite sa, li ta ka toujou fè l pou yo poutèt kontra li te pase ak zansèt yo, poutèt gwo bèl non apa Bondye ki te rele yo pou yo te pèp li a.

16Jida Makabe reyini tout patizan l yo. Te gen simil (6.000) moun antou. Li ankouraje yo pou yo pa pè lènmi yo, pou yo pa kouri met deyò lè y'a wè gwo lame sa a k'ap vin atake yo san rezon. Se lè sa a pou yo goumen tankou vanyan sòlda ak tout kouray yo,

17pou yo pa janm bliye tout krim moun sa yo te fè pou derespekte kay ki apa pou Bondye a, tout pawòl jouman yo te di sou lavil Jerizalèm ak move tretman yo te fè l pase, ak jan yo te sòti pou fini ak prensip lavi jwif yo t'ap swiv depi lontan.

18Li di yo konsa:

— Moun sa yo ap gade sou zam yo ak sou radiyès yo. Men nou menm n'ap gade sou Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye ki ka annik fè yon ti jès ak tèt li pou li kraze non sèlman gwo lame sa a, men tout latè si li ta vle.

19Apre sa, Jida pran fè yo chonje kantite fwa Bondye te ede zansèt yo nan tan lontan: kijan sou reny Senakerib li te touye sankatrevensenkmil (185.000) sòlda lènmi,

20kijan yon lòt fwa lavil Babilòn witmil (8.000) jwif te al pote konkou bay katmil (4.000) moun peyi Masedou…n ki te kwense. Epi ak lasistans Bondye nan syèl la, yo bat yon lame sanvenmil (120.000) sòlda peyi Galasi, lèfini yo pran anpil byen pote ale.

Nikanò pèdi batay la

21Pawòl Jida yo te mache nan san mesye l yo, kifè yo te pare pou yo te mouri pou relijyon yo ak pou peyi yo. Jida separe lame li a fè kat divizyon.

22Chak divizyon te gen milsenksan (1.500) sòlda. Pou kòmande divizyon yo li mete twa frè l yo: Simon, Jozèf ak Jonatan, ak li menm.

23Lèfini, li chwazi Eleaza pou li liv Lalwa a byen fò. Li ba yo fraz sa a pou siyal batay la: Ak lasistans Bondye! Li pran kòmandman premye divizyon an, epi li mache sou Nikanò.

24Bondye ki gen tout pouvwa a goumen bò kote yo. Yo touye depase nèfmil (9.000) sòlda nan lame Nikanò an. Lèfini, yo blese, yo donmaje pifò ladan yo, yo fè yo kouri met deyò.

25Yo sezi lajan moun ki te vin pou achte yo tankou esklav la. Yo kouri yon bèl bout dèyè lènmi yo, men yo te blije tounen paske twò ta manke bare yo.

26Se te lavèy jou repo a. Se sa ki fè yo te sispann rapousib lènmi yo.

27Lè yo fin ranmase tout zam lènmi yo te kite dèyè, lè yo fin piye tou sa ki te sou mò yo, yo konmanse fete jou repo a. Yo pran chante yon bann chante byen fò pou di Granmèt la mèsi, pou fè lwanj li paske li te fè yo rive wè jou sa a san danje san malè, jou kote premye fwa li moutre jan li gen pitye pou yo a.

28Lè jou repo a fin pase, yo separe yon pòsyon nan sa yo te pran nan men lènmi yo, yo bay moun ki te sibi pèsekisyon yo, vèv yo ak timoun san papa yo. Yo separe rès la ant yo menm ak pitit yo.

29Apre sa, yo mete tèt yo ansanm pou lapriyè nan pye Granmèt ki gen bon kè a, yo mande l pou li rebyen nèt ankò ak moun kap sèvi l yo.

Timote pèdi batay la. Nikanò kouri met deyò

30Apre sa, jwif yo al atake lame Timote ak Bakidès la. Yo touye depase venmil (20.000) sòlda ladan yo. Yo pran detwa fò byen wo, epi yo ranmase anpil byen lame a te kite dèyè ki te plis pase dènye fwa a. Yo separe yo fè de pòsyon menm valè, yon pòsyon pou yo menm ak yon pòsyon pou moun ki te pase anba pèsekisyon yo, pou timoun san papa yo, pou vèv yo, san bliye vye granmoun gason yo.

31Yo pran san yo pou yo ranmase tout zam lènmi yo, yo mete yo nan depo nan bon pozisyon pou lame a. Yo pote rès bagay yo te pran yo lavil Jerizalèm.

32Yo touye kòmandman lame Timote a, yon nonm ki pa te vle wè Bondye menm epi ki te lakòz anpil malè rive jwif yo.

33Antan yo t'ap fete batay yo te genyen an nan tout peyi a, yo boule moun ki te mete dife nan pòtay tanp lan epi ki te al kache kò yo ansanm ak Kalistèn nan yon sèl ti kay la. Se konsa moun sa yo resevwa chatiman yo te merite pou derespekte yo te derespekte kay Bondye a.

34Se konsa Nikanò sa a, yon nonm twa fwa mechan, ki te mennen mil (1.000) machann vin achte jwif prizonye yo,

35sòti wont, paske, avèk lasistans Bondye, moun li te konsidere nan kè li pou moun ki pi ba ki genyen te rive bat li. Li wete bèl rad seremoni ki te sou li yo, epi pou kont li li kouri met deyò, li chankre nan jaden tankou esklav mawon jouk li rive lavil Antyòch. Se te yon bèl chans li te genyen paske tout rès lame li a te pèdi.

36Konsa, moun ki te pwomèt chèf lavil Wòm yo li ta pral peye yo taks wa a te dwe a ak lajan li ta pral fè nan lavant prizonye lavil Jerizalèm yo, se li menm ankò ki fè tout moun konnen jwif yo te gen yon moun pou pran defans yo, lèfini moun pa te ka bat yo paske yo te swiv lòd Bondye delivrans yo a te ba yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help