2 Samyèl 13 - 1998 Haitian Creole

Amnon ak Tama

1Men sa ki vin rive apre sa: Absalon,

22Absalon vin rayi Amnon pou kadejak li te fè sou Tama, sè li a. Li koupe l bonjou.

Absalon pran revanj li

23Dezan Jen 38.12,13; 1 Sam 25.2,36 apre sa, Absalon t'ap koupe lenn mouton l yo lavil Baal-Azò, toupre lavil Efrayim. Li envite tout pitit gason wa yo vin manje.

24L'al jwenn wa David, li di l konsa:

— Monwa, mwen pral koupe lenn mouton m yo. Ou pa ta vle vini ansanm ak tout chèf ou yo lakay mwen?

25Wa reponn li:

— Non, pitit mwen! Se pral twòp traka pou ou si nou tout nou vini.

Absalon pèsiste, men wa a pa pran priyè, li voye l ale ak benediksyon l.

26Lè sa a Absalon di l:

— Men, eske w'ap kite Amnon, frè m lan, vini ak nou?

Wa a reponn li?

— Poukisa pou l ale a?

27Men Absalon sitèlman pèsiste, bout pou bout, David kite Amnon ale ansanm ak tout lòt pitit gason l yo.

Absalon te pare yon gwo fèt tankou si l t'ap fè l pou yon wa.

28Epi 1 Sam 25.36 li bay domestik li yo lòd sa a, li di yo:

— Gade byen, lè n'a wè Anmon ak bon gwòg nan tèt li, m'a di nou: Desann Amnon. N'a touye l. Nou pa bezwen pè, mwen pran tout reskonsabilite a sou mwen. Mete gason sou nou. Frape san tranble.

29Se konsa domestik Absalon yo swiv lòd Absalon te ba yo, yo touye Amnon. Lè sa a, tout lòt pitit gason David yo leve, yo moute milèt yo, yo met deyò.

30Yo te sou chemen lakay yo toujou, lè David vin pran nouvèl Absalon touye dènye pitit gason li yo, pa gen yonn ki chape.

31Wa a 2 Sam 12.16 leve kanpe, li chire rad ki te sou li, li lage kò l atè. Tout moun ki te avèk wa a chire rad sou yo tou.

32Men 2 Sam 13.3,14 Jonabad, pitit gason Chimeya, frè David la, di l:

— Monwa, yo pa touye tout pitit gason ou yo non. Se Amnon ase ki mouri, paske Absalon te gen lide nan tèt li pou l te fè sa depi lè Amnon te fè kadejak sou Tama, sè l la.

33Kounyeya, monwa, ou pa bezwen koute moun k'ap vin di ou tout pitit gason ou yo mouri. Se Amnon ase yo touye.

34Lè 2 Sam 18.24 sa a Absalon te gentan kraze rak. Sòlda ki te faksyonè a wè yon foul moun ki t'ap kouri desann ti pant sou chemen lavil Owonayim lan. L'al jwenn wa a, li di l sa li wè.

35Jonabad di wa a konsa:

— Men sa m t'ap di ou la. Se pitit gason ou yo k'ap vini.

36Fini li fin di sa, pitit gason David yo rive. Yo pete rele. Wa a pran rele ansanm ak tout chèf li yo. Yo rele kont rele yo.

37Absalon 2 Sam 3.3 menm kraze rak, l'al kay Talmayi, pitit gason Amiyoud la, ki te wa lavil Gechou a. David menm te nan gwo lapenn pandan kèk jou pou lanmò Amnon.

38Absalon rete pase twazan lavil Gechou kote li te kouri al kache a.

39Lè Jen 24.67; 37.35 wa David fin konsole apre lanmò Amnon, li vin anvi wè Absalon.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help