1Jidit di konsa:
— Chante yon chante pou Bondye mwen an ak tanbou!
Chante pou Bondye Granmèt la ak senbal!
Voye yon chante tou nèf pou fè lwanj li!
Di jan li gen pouvwa, rele mande l sekou!
2Granmèt la se yon Bondye ki kraze moun k'ap fè lagè yo.
Li fè m tounen nan kan li nan mitan tout pèp li a.
Li delivre m anba men moun ki te dèyè m yo.
3Moun peyi Lasiri yo sòti nan mòn bò nan nò yo,
Yo vini ak yon pakèt ak yon kantite sòlda.
Lame a bloke dlo larivyè yo nan fon yo.
Kavalye yo te kouvri tout ti mòn yo.
4Yo di yo pral mete dife nan tout peyi nou an.
Yo pral touye dènye gason nou yo nan lagè.
Y'ap pran timoun ki nan tete, y'ap leve yo fese atè.
Y'ap depòte timoun piti nou yo,
y'ap pati ak jenn tifi nou yo.
5Men, Granmèt ki gen tout pouvwa a sèvi ak yon fanm
pou rete yo sou kous yo.
6Se pa nan men jenn gason vanyan sòlda yo a tonbe.
Ni se pa pitit gwomoun bèl wòtè yo ki touye l.
Se Jidit, pitit fi Merari a, ki kraze kouray vanyan sòlda yo a ak bèl figi li a.
7Li wete rad dèy li t'ap pote pou mari l la,
pou l te ka mete moun pèp Izrayèl yo ki te nan gwo lafliksyon kanpe ankò.
8Li pase bon ponmad santi bon sou figi l,
li mare cheve l ak yon bèl riban,
li mete yon bèl rad twal fen blan sou li
pou l te ka vire tèt gwo chèf la.
9Je mesye te pèdi nan bèl sandal bwode li yo.
Li pèdi tèt li devan bèl fanm lan.
Se konsa nepe koupe kou l.
10Moun peyi Pès yo tranble devan sa Jidit te gen lodas fè a.
Moun peyi Medi yo te sezi wè jan li te yon fanm ki vanyan.
11Lè sa a, moun mwen yo ki te anba kou nan labou
pran chante pou batay yo genyen an.
Atout yo te fèb, yo pran rele.
Lènmi yo tranble.
Moun mwen yo t'ap rele byen fò,
lènmi yo menm pran kouri nan yon sèl debandad.
12Nou te tankou timoun petevi,
atousa nou pèse yo pakanpak.
Nou te tankou pitit esklav mawon,
atousa, nou bat yo byen bat.
Se lame Granmèt mwen an menm ki fini ak yo.
13N'ap chante yon chante tou nèf pou Bondye mwen an.
Granmèt o! Ou pa manke gen pouvwa! Ou pa manke fè bèl bagay!
Chapo ba devan fòs kouray ou!
Pèsonn pa ka bat ou.
14Se pou tou sa ou fè yo sèvi ou!
Paske ou annik pase yon lòd, epi tout bagay fèt.
Ou soufle sou yo, epi yo parèt.
Pa gen yonn k'ap kenbe tèt avè ou lè ou pale.
15Mòn yo ak lanmè yo tranble kote yo chita a.
Lè ou pwoche, wòch yo fonn tankou lasi nan solèy,
men ou gen pitye pou moun ki gen krentif pou ou.
16Tout bèt y'ap touye pou ou yo, atout yo gen bon sant, yo pa vo anyen.
Ni tout grès nan ofrann bèt yo boule nèt pou ou yo pa vo anyen tou.
Men, moun ki gen krentif pou Granmèt la,
Bondye mete yo kanpe pou tout tan.
17Madichon pou moun lòt nasyon yo ki leve dèyè pèp mwen an!
Jou jijman an, Granmèt ki gen tout pouvwa a ap tire revanj sou yo.
Yo pral kriye nan gwo lapenn pou tout tan tout tan.
Finisman istwa Jidit la18Lè moun yo rive lavil Jerizalèm, yo mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, lèfini yo di Bondye mèsi. Yo fè ofrann bèt pou yo boule nèt pou li, ofrann bagay yo te vle fè ba li, lèfini yo bay kado pou Bondye.
19Jidit menm fè Bondye kado tout bagay Olofèn yo, bagay pèp la te ba li yo. Men, li fè yon ofrann espesyal dapre yon ve li te fè: Li bay moustikè li te pran anwo tèt kabann Olofèn lan pou yo mete l apa nèt pou Bondye.
20Pandan twa mwa pèp la te la devan tanp lan lavil Jerizalèm ap fete. Jidit menm te rete la ansanm ak yo.
21Lè jou fèt yo fini, chak moun tounen lakay yo. Jidit tounen tounen l lavil Betoulya pou l'al viv sou bitasyon li. Pandan tout rès lavi li, yo t'ap nonmen non l nan tout peyi a.
22Se pa de gason ki te dèyè pou marye avè l, men li pa janm remarye depi Manase, mari l la, mouri al jwenn moun li yo.
23Jidit te viv lontan apre sa nan kay mari l te kite pou li a. Li rive gen sansenkan (105 an) sou tèt li. Li bay esklav ki te gouvènant li an libète granmoun li. Li mouri lavil Betoulya, yo antere l nan kavo Manase, mari li.
24Tout pèp Izrayèl la pase sèt jou nan lapenn ap kriye lanmò li. Anvan li mouri, li te separe tout byen l yo bay moun ki te fanmi pre Manase ak fanmi pre avè l.
25Pandan tout tan Jidit te vivan an, menm lontan apre li mouri, pa te gen pèsonn ki te menm seye fè pèp Izrayèl la pè.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.