1Menm jou sa a, wa Atagzèsès pran tout byen ki te pou Aman, moun ki tap mache pale jwif yo mal la, li fè larenn Estè kado yo tout. Lè sa a tou, Estè fè wa a konnen Madoche se fanmi li. Se konsa, wa a fè rele Madoche.
2Li pran bag li te wete nan men Aman an, li bay Madoche li. Estè menm mete Madoche reskonsab tout byen Aman yo.
3Apre sa, Estè al pale ak wa a ankò. Li lage kò l nan pye l, li mande l pou l fè kichòy pou kraze vye malè Aman te fè lide fè tonbe sou pèp jwif la.
4Wa a lonje baton an lò a bay Estè. Estè leve, li kanpe bò kote wa a, epi li di konsa:
5—Si sa fè wa a plezi, si wa a kontan avè m, tanpri, ekri yon lèt pou revoke lòd Aman te ekri voye bay tout chèf pou yo te touye dènye kras jwif ki gaye toupatou nan peyi wa a.
6Mwen p'ap ka rete konsa pou m wè y'ap touye tout fanmi m yo.
7Wa a reponn Estè konsa:
— Mwen ba ou tout byen Aman yo. Pou m fè ou plezi mwen fè yo pann li nan poto paske li te sòti pou l te touye jwif yo. Kisa ou vle ankò?
8Nou menm
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.