Chirasid 9 - 1998 Haitian Creole

Jan pou ou boule ak fanm

1Pa fè jalouzi pou madanm ou renmen anpil la.

Se moutre w'a moutre l jan pou l fè ou lapenn.

2Pa tounen esklav yon fanm

pou l pa pran pye sou ou.

3Pa pwoche bò madanm yon lòt gason.

Li ka pran ou nan pèlen li.

4Pa fè zanmi ak fanm k'ap jwe mizik,

pou ou pa pran nan pawòl dous li yo.

5Pa rete ak gade yon jennfi

pou ou pa tonbe nan peche avè l.

Lè sa a, w'a peye pou sa ou fè l la.

6Pa lage kò ou nan men jennès.

Ou ka pèdi tou sa ou genyen.

7Pa plede vire tèt ou gade nan lari.

Pa fofile kò ou nan ti wout sou kote kote moun pa pase.

8Lè ou wè yon bèl fanm, vire tèt ou gade lòt bò.

Pa rete ap gade yon bèl fanm ki pa madanm ou.

Anpil moun kite bèl fanm fè yo pèdi tèt yo.

Tankou dife, sa mete lanvi nan kè yo.

9Pa janm chita bò madanm yon lòt moun pou ou manje.

Pa chita sou menm tab avè l pou nou bwè,

pou ou pa tonbe anba cham li yo,

jouk pou lanvi ta pote ou fè bagay ki pou fini avè ou.

Jan pou ou boule ak zanmi ou

10Pa janm lage yon vye zanmi ou.

Ou p'ap janm jwenn yon lòt pou pran plas li.

Zanmi se tankou diven sa ye:

plis yo la lontan, se plis y'a fè ou plezi.

11Pa anvye sò yon moun mechan ki rive nan lavi nan fè sa ki mal.

Ou pa janm konnen kijan sa ap fini pou li.

12Pa kontan wè moun ki pa sèvi Bondye yo rive nan lavi.

Pa bliye yo p'ap mouri san yo pa jwenn chatiman yo.

13Pran distans ou ak moun ki gen pouvwa pou touye ou.

Konsa, ou p'ap bezwen pè lanmò.

Si ou gen pou pwoche bò kote l, pa fè betiz si ou pa vle li touye ou.

Toujou chonje se nan chemen ki plen pèlen w'ap mache.

Veye kote move kou ka sòti.

14Fè sa ou kapab pou ou fè zanmi ak moun ki bò kote ou.

Pran konsèy nan men moun ki gen bon konprann.

15Lè ou bezwen moun pou ou pale, chache moun ki gen lespri.

Tout koze ou yo, fè yo sou lalwa Bondye ki anwo nan syèl la.

16Chwazi moun ki mache dwat pou chita manje sou menm tab avè ou.

Tout lògèy ou, se nan krentif ou gen pou Granmèt la pou ou jwenn li.

17Yo fè lwanj yon bòs atizan pou bèl travay li fè.

Konsa tou, bon konprann yon chèf se nan jan li pale ak pèp li a.

18Yo pè moun ki renmen joure.

Yo pa vle wè moun ki alèlè.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help