1Simon pran nouvèl Trifon te reyini yon gwo lame pou anvayi peyi Jide a, pou kraze l nèt ale.
2Sa te fè pèp la pè anpil, yo t'ap tranble kou fèy bwa. Lè Simon wè sa, li moute lavil Jerizalèm, li sanble tout pèp la,
3epi li pale ak yo pou ankouraje yo. Li di yo konsa:
— Nou tout nou konnen sa mwen menm ansanm ak tout frè m yo ak moun lakay papa m yo nou fè pou lalwa yo ak pou tanp Bondye a, lagè nou fè ak tray nou pase.
4Se pou sa menm tout frè m yo mouri pou defann kòz pèp Izrayèl la. Se mwen menm ase ki rete.
5Kounyeya, sa pa janm vin nan tèt mwen pou m ta sove lavi m lè danje parèt sou nou. Mande Bondye padon! Paske mwen pa pi bon pase frè m yo.
6Non. M'ap kanpe pou defann kòz nasyon mwen an ak kòz Tanp Bondye a, kòz madanm nou ak kòz tout pitit nou yo, paske moun tout lòt nasyon yo mete tèt yo ansanm pou yo fini nèt ak nou sitèlman yo pa vle wè nou.
7Lè pèp la tande pawòl sa yo, yo pran fòs ak kouray,
8epi yo tout pran rele byen fò:
— Se ou menm ki chèf nou nan plas Jida ak Jonatan, frè ou la.
9Mennen nou nan batay nou an, n'ap fè tou sa w'a di nou fè.
10Se konsa Simon reyini tout gason ki bon pou fè lagè yo, li prese fini miray ranpa lavil Jerizalèm yo epi li ranfòse defans li toupatou.
11Li voye Jonatan, pitit gason Absalon an, lavil Jope ak yon gwo lame sòlda. Jonatan mete tout moun ki te rete la yo deyò, epi li pran lavil la fè kay li.
Trifon touye Jonatan12Trifon kite lavil Tolemayis avèk yon gwo lame pou anvayi peyi Jide. Li mennen Jonatan prizonye avè l.
13Simon vin moute kan li lavil Adida, sou lizyè plenn lan.
14Lè Trifon vin konnen Simon te pran plas Jonatan, frè li a, epi li te tou pare pou mare batay avè l, li voye mesaje bò kote l ak mesay sa a:
15— Rezon ki fè nou kenbe frè ou la se paske li dwe kès wa a yon lajan an rapò ak pozisyon chèf li te genyen an.
16Voye twamiltwasan (3.300) kilo ajan ansanm ak de nan pitit gason Jonatan yo tankou yon garanti pou nou lage l. Konsa, n'a sèten li pat fè rebèl ak nou ankò. Lè sa a, n'a kite l ale.
17Atout Simon te konnen se te pawòl manti mesaje yo te vin ba li la a, li voye lajan an ak de timoun yo pou moun nan pèp la pa leve dèyè l, paske yo ta ka di
18se paske li pat voye lajan an ak timoun yo kifè Jonatan mouri.
19Se konsa, li voye timoun yo ak twamiltwasan (3.300) kilo ajan yo. Men, Trifon pa kenbe pawòl li, li pa lage Jonatan.
20Apre sa, Trifon pati pou li anvayi peyi a ak pou ravaje l. Li fè yon detou, li pran chemen lavil Adora a. Simon menm ak lame li a t'ap bare l sou tout wout kote l pase.
21Antan sa t'ap fèt konsa, sòlda ki te nan sitadèl la t'ap plede voye komisyon bay Trifon pou mande l fè vit pase nan dezè a vin jwenn yo epi voye pwovizyon pou yo.
22Trifon pare tout kavalye l yo pou yo ale nan sitadèl la. Men, jou lannwit sa a, yon sèl lanèj tonbe, yo pa te ka rive. Se konsa li kite sa, l'ale nan peyi Galarad.
23Lè li rive lavil Baskama, li touye Jonatan. Se la yo antere l.
24Trifon tounen tounen l al nan peyi li.
Gwo kavo Makabe yo25Simon fè chache kadav Jonatan, frè li a, epi li antere l lavil Moden kote fanmi li te moun.
26Tout pèp Izrayèl la te pran gwo lapenn, yo pase anpil jou ap kriye pou Jonatan.
27Simon fè bati yon gwo moniman sou tonm papa l ak tonm frè l yo, moniman moun te ka wè byen lwen. Fasad devan an ak fasad dèyè a te fèt ak wòch poli.
28Li fè bati sèt piramid sou de ran, yonn pou papa l, yonn pou manman l, ak yonn pou chak nan kat frè l yo, yonn anfas lòt.
29Li fè mete bèl poto won byen wo fè wonn piramid yo. Sou tèt poto won yo li mete zam ak plak pwotèj sòlda yo sèvi pou sa sèvi yon souvnans ki p'ap janm bliye. Sou kote plak pwotèj yo ak zam yo li fè travay pòtre batiman pou moun jouk sou lanmè ka wè yo.
30Se lavil Moden li te fè bati moniman sa a ki la jouk jounen jòdi a.
Simon byen ankò ak Demetriyis31Trifon trayi konfyans jenn Antyokis ki te wa a te gen nan li. Li touye l,
32lèfini li pran plas li, li mete kouwòn wa peyi Lazi a sou tèt li. Li fè anpil malè nan peyi a.
33Simon menm bò pa li rebati fò peyi Jide yo, li ranfòse yo ak gwo fò won byen wo ak miray ranpa, pòtay ak ba pou fèmen yo. Lèfini, li mete pwovizyon ladan yo.
34Li chwazi kèk delege, li voye bò kote wa Demetriyis pou mande l pou l bay peyi Jide a otorizasyon pa peye taks, paske Trifon pat fè anyen pase vòlò tou sa yo te genyen.
35Wa Demetriyis voye repons ba li. Men kopi lèt li te ekri l lè sa a:
36— Wa Demetriyis voye gwo bonjou pou Simon, granprèt ki zanmi wa yo ak pou chèf fanmi yo ansanm ak tout moun jwif yo.
37Nou resevwa kouwòn lò ak fèy palmis ou te voye ban nou yo. Nou pare pou nou siyen lapè pou tout tan avè ou. Nou ekri lèt voye lòd bay anplwaye leta yo pou yo pa fè nou peye taks.
38N'ap kenbe tout kontra nou te pase ak jwif yo, lèfini nou rekonèt tout fò yo te bati yo ap rete pou yo.
39Konsa tou, mwen voye padon pou tout erè ak tout fòt nou te fè depi nan tan pase rive jòdi a. Nou renmèt yo tout lajan taks yo te dwe kès wa a. Konsa tou, tout lòt lajan taks yo te konn fè moun lavil Jerizalèm yo peye a, depi jòdi a yo p'ap fè yo peye sa ankò.
40Si gen nan mitan jwif yo gason ki bon pou yo ta antre nan gad pèsonèl nou, se pou yo enskri yo. Lèfini, se pou nou viv ansanm san goumen yonn ak lòt.
41Nan lanne sanswasanndis (170), pèp Izrayèl la te resi sòti anba esklavaj moun lòt nasyon yo.
42Se konsa, depi lè sa a sou tout papye dokiman yo ak sou tout kontra, pèp la konmanse ekri pawòl sa yo: Nan premye lanne reny Simon, gwo granprèt la, kòmandan lame a, chèf jwif yo.
Simon pran fò Gezè a43Lè sa a atò, Simon atake lavil Gezè, li sènen l ak lame li a. Li fè yo bati yon gwo fò moute sou wou, yo woule l bò miray ranpa lavil la. Sòlda li yo fè yon twou nan yonn nan fò won yo, epi yo pran li pou yo.
44Sòlda jwif ki te nan fò moute sou wou a vole antre nan lavil la. Yon sèl kouri pete nan lavil la.
45Moun lavil yo kouri moute sou miray ranpa yo ansanm ak madanm ak pitit yo. Yo chire rad sou yo, yo rele byen fò ap mande Simon pou li fè antant ak yo.
46Yo t'ap di l konsa:
— Tanpri, pa gade sou mechanste nou lè w'ap regle ak nou! Men, jan ou gen bon kè sa a, fè pa nou, souple.
47Se konsa Simon antann li ak yo, epi li sispann batay la. Men, li mete yo tout deyò nan lavil la. Lèfini, li fè fè sèvis pou mete kay kote te gen zidòl yo nan kondisyon pou sèvi Bondye. Apre sa, li antre nan lavil la ak chante pou fè lwanj Bondye, pou di li mèsi.
48Li wete dènye bagay li jwenn nan lavil la ki pa mache ak sèvis Bondye, lèfini li pran moun k'ap viv dapre lalwa Bondye a, li mete yo viv ladan l. Li ranfòse miray ranpa lavil la, epi li bati yon bèl kay pou tèt pa l ladan l.
Simon pran sitadèl Jerizalèm lan49Moun ki te nan sitadèl lavil Jerizalèm lan te bloke. Yo pa te ka sòti al nan jaden, ni yo pa te ka antre sot nan jaden, yo pa te ka vann, yo pat ka achte. Yon sèl grangou tonbe sou yo, anpil nan yo te gen tan mouri.
50Yo rele byen fò ap mande Simon pou li fè antant ak yo. Simon antann li ak yo vre. Apre sa, li mete yo deyò nan sitadèl la, epi li fè fè sèvis pou mete sitadèl la nan kondisyon pou sèvi Bondye, li wete tousa li jwenn ladan l ki pa mache ak sèvis Bondye.
51Se konsa, nan jou ki make venntwa nan lanne sanswasantonz lan (171), jwif yo antre nan sitadèl la. Yo t'ap rele ak kè kontan, fèy palmis nan men yo, yo t'ap jwe gita, tanbou ak bandjo, yo t'ap chante pou fè lwanj Bondye, paske yo te kraze yon gwo lame, yo te mete l deyò nan peyi Izrayèl la.
52Simon bay lòd pou chak lanne menm jou sa a pou yo fè bèl fèt kè kontan. Li ranfòse miray ranpa mòn tanp lan ki bay sou sitadèl la. Se la li menm l'al rete ansanm ak moun pa l yo.
53Lè Simon wè Jan, pitit gason l lan, te tounen yon nonm, li mete mesye kòmandan tout lame li a, epi li ba li kay lavil Gaza a pou li rete.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.