1 Timote 2 - 1998 Haitian Creole

Jan pou nou lapriyè

1Pou konmanse, m'ap mande pou nou lapriyè Fil 4.6 Bondye pou tout moun. Fè l tout kalite demann pou yo, mande l padon pou yo, di l mèsi pou yo.

2Se pou nou lapriyè pou chèf yo ak tout lòt moun ki gen otorite nan men yo, pou nou ka viv trankil ak kè poze nan sèvis Bondye a, ak yon konpòtman ki respektab sou tout pwen.

3Se 1 Tim 1.1; 4.10 bagay konsa ki byen, ki fè Bondye, Sovè nou an, plezi.

4Li Eze 18.23; 2 Pyè 3.9 ta renmen wè tout moun sove, li ta renmen wè tout moun rive konn verite a.

5Se Wòm 3.29,30; Eb 12.24 yon sèl Bondye ki genyen. Se yon sèl moun tou ki mete lèzòm dakò ak Bondye ankò. Se Jezikri.

6Se Gal 1.4; 2.20; Tit 2.14 li menm ki te asepte mouri pou tout moun ka sove. Se prèv sa a Bondye te bay, lè lè a te rive pou moutre jan li ta renmen wè tout moun sove.

7Se 2 Tim 1.11; Gal 2.7,8 poutèt sa, li voye m kòm apòt pou m anonse moun ki pa jwif yo nouvèl la, pou m moutre yo tout bagay, pou yo ka rive gen konfyans nan Bondye, pou yo ka konnen verite a. Sa m'ap di la a, se vre wi. Mwen p'ap bay manti.

8Wi, mwen vle pou, nenpòt ki kote, lèzòm ka lapriyè Bondye san fè kòlè san fè diskisyon.

9Mwen 1 Pyè 3.3-5 ta renmen tou pou medam yo abiye yon jan ki kòrèk, tou senp, san fè endesans. Yo pa bezwen nan fè gwo kwafi, mete gwo bijou lò ak bèl grenn pèl ni rad ki koute chè sou yo.

10Oneman 1 Tim 5.10 ki bon pou yon fanm ki di l'ap sèvi Bondye se fè sa ki byen.

11Se Ef 5.22 pou medam yo, nan tout trankilite, enstwi tèt yo, avèk soumisyon.

12Mwen 1 Kor 14.34; Jen 3.16 pmwen pa bay fanm dwa anseye, ni pran otorite sou gason. Se pou yo reterete yo dousman.

13Paske, Jen 1.27; 2.7,22; 1 Kor 11.8,9 se Adan Bondye te kreye anvan. Se apre li te fè Ev.

14Se Jen 3.6; 2 Kor 11.3 pa te Adan Satan te twonpe. Se fanm lan li te twonpe fè li dezobeyi lòd Bondye.

15Men fanm lan va sove lè li vin manman, si li kenbe fèm nan konfyans li, nan renmen, si li rete tou senp epi apa pou Bondye.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help