1(2) Se Sòm 9.9; 18.2 sou Bondye sèlman mwen konte,
se li menm ki pou delivre mwen.
2(3) Se Eza 30.13 li menm ase k'ap pwoteje m, k'ap delivre m.
Se li ki tout defans mwen.
Li p'ap janm kite anyen rive m.
3(4) Kilè Sòm 28.3 na sispann tonbe ansanm sou do yon moun pou n chache lage l atè
tankou yon miray ki tou panche,
tankou yon lantouray k'ap tonbe?
4(5) Wi, yo pa gen lòt lide nan tèt yo
pase fè l pèdi gwo plas kote li ye a.
Yo pran plezi nan bay manti.
Yo louvri bouch yo pou mande benediksyon,
men nan kè yo, se madichon y'ap bay.
5(6) Wi, se sou Bondye ase pou m konte.
Se nan li mwen mete tout espwa mwen.
6(7) Se Sòm 3.8; 14.6 li menm sèlman k'ap pwoteje m, k'ap delivre m.
Se li ki tout defans mwen,
li p'ap janm kite anyen rive m.
7(8) Se 1 Sam 1.15; Sòm 37.3; 42.4 Bondye k'ap delivre m.
Se li menm k'ap fè yo respekte m.
Se li menm ki tout fòs mwen, l'ap pran defans mwen.
Se li menm ki tout pwoteksyon mwen.
8(9) Nou Sòm 39.5; 116.11 menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li!
Louvri kè nou ba li,
paske se li menm ki tout nou.
9(10) Wi, Pwo 1.10-15,19; Lik 12.15 moun pa anyen.
Grannèg? Se pawòl nan bouch.
Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz.
Yo pi lejè pase van k'ap soufle a.
10(11) Pa Jòb 33.14; Rev 19.1 mete konfyans nou nan fè britalite.
Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò.
Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l pran nanm nou.
11(12) An Jòb 34.11; Sòm 103.8; Jer 17.10; Da 9.9; 1 Pyè 1.17 de fwa, men sa m tande Bondye di:
— Se nan men m pouvwa rete.
12(13) Wi, Senyè, ou gen bon kè,
paske w'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.