1b Se nan Granmèt la tout bon konprann sòti.
Se toujou avè l bon konprann lan rete.
2Kimoun ki ka konte kantite grenn sab ki bò lanmè,
kantite gout dlo ki nan lapli yo,
osinon kantite jou ki gen nan tan ki la pou tout tan an?
3Kimoun ki ka sonde wòtè syèl la,
lajè latè a ak fondè lanmè a?
4Bondye te kreye bon konprann anvan tout bagay.
Lespri pou konprann lan te toujou la.
6Kimoun ki janm wè rasin kote Bon konprann sòti?
Kimoun ki konnen tou sa li ka fè?
8Se yon sèl moun ki gen bon konprann.
Se li menm sèl ki fè tout moun tranble devan l.
Se Granmèt la ki chita sou fòtèy li a.
9Se li menm ki kreye bon konprann.
Li wè l, li mezire l,
li mete l nan tou sa li fè.
10Li separe bay chak moun yon pòsyon bon konprann.
Li vide l an kantite bay moun ki zanmi l yo.
Krentif pou Granmèt la11Lè ou gen krentif pou Granmèt la
sa ap ba ou lwanj ak anpil satilfaksyon.
Se kè kontan, se yon kouwòn plezi.
12Lè ou gen krentif pou Granmèt la
sa fè kè ou kontan,
sa ap ba ou yon lavi long san lapenn, san chagren.
13Bout pou bout, tout bagay pral mache byen
pou moun ki gen krentif pou Granmèt la.
Jou l'ap mouri, Bondye ap beni li.
14Lè yon moun gen krentif pou Granmèt la,
se lè sa a li konmanse gen bon konprann.
Bon Konprann ap mache ak moun ki kenbe pawòl yo
depi lè yo te nan vant manman yo.
15Li mete nich li nan mitan moun pou li ka toujou rete viv la.
L'ap toujou kanpe la avèk yo jenerasyon sou jenerasyon.
16Gen krentif pou Granmèt la, se sa bon konprann ki bon nèt ale a.
Sa li donnen an ap fè kè nou kontan jouk nou sou.
17L'ap plen galata kay nou yo ak tou sa nou renmen,
l'ap plen depo nou yo avèk bagay Bon Konprann fè.
18Gen krentif pou Bondye, se tankou yon kouwòn pou moun ki gen Bon Konprann.
Sa bay kè poze ak bon lasante.
19Li fè konesans ak bon jan lespri vini tankou lapli.
Se yon gwo lwanj pou moun ki genyen l.
20Gen krentif pou Granmèt la, se sa ki rasin Bon Konprann.
Yon lavi long, se pou ou ta di branch li yo.Al dousman, kontwole tèt ou
22Pa gen eskiz pou moun ki move san rezon.
Lè yon moun kite kòlè l pote l ale,
sa ka lakòz li tonbe nèt.
23Moun ki gen pasyans ap kenbe jouk sa va bon.
Apre sa, l'ap kontan kont kò li.
24L'ap kenbe bouch li fèmen jouk lè pou l pale a va rive.
Apre sa, anpil moun va di jan li gen lespri.
Bon Konprann fè moun mache dwat25Yonn nan richès bon Konprann lan bay, se bon pawòl li mete nan bouch moun.
Men, moun k'ap fè peche pa vle tande pale sèvis y'ap fè pou Bondye.
26Lè w'ap chache gen Bon Konprann, se pou ou mache dapre kòmandman Bondye yo.
Lè sa a, Granmèt la ap ba ou li an kantite.
27Moun ki gen konprann, ki gen levasyon, se moun ki gen krentif pou Granmèt la.
Granmèt la pran plezi l ak moun ki kenbe pawòl yo, ak moun ki al dousman.
28Pa refize gen krentif pou Granmèt la.
Pa pwoche bò kote l ak de kè.
29Pa aji ipokrit ak moun,
men veye bouch ou.
30Pa fè grandizè, paske ou ka tonbe.
Lè sa a, ala wont wa wont!
Granmèt la ap mete tout ti sekrè ou yo deyò.
L'ap fè ou wont devan tout moun,
paske ou pa te gen krentif pou li,
ou te gen move plan plen tèt ou.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.