1Nan tan sa a, Antyokis t'ap pare pou l'al fè dezyèm atak li sou peyi Lejip.
2Pandan karant jou konsa, nan tout lavil Jerizalèm, moun yo t'ap wè vizyon nan syèl la. Yo wè yon bann kavalye ak bèl rad bwode an lò sou yo ki t'ap galope nan tout syèl la, yon lame sòlda ak frenn nan yon men ak nepe yo rale nan lòt men an.
3Yo te kanpe yonn anfas lòt, nan pozisyon batay, yon pòsyon ap atake, yon lòt pòsyon ap fè defans. Plak pwotèj yo ap frape yonn ak lòt, frenn yo kanpe tankou pyebwa nan rakbwa, yon lapli flèch menm t'ap vole nan lè a. Tout kalite rad lagè ak bèl òneman an lò t'ap klere byen klere.
4Tout moun nan lavil la t'ap lapriyè pou vizyon sa yo te yon bon siy.
5Yo konmanse fè kouri bri wa a mouri, men se pa te vre. Lè sa a, Jason pran mil sòlda konsa ake l, epi li atake lavil Jerizalèm san bay ankenn avètisman. Li kraze sòlda ki t'ap fè pòs sou miray ranpa lavil la, epi bout pou bout li pran lavil la pou li. Menelas al kache kò l nan sitadèl la bò mòn Tanp lan.
6Jason menm ak sòlda li yo lage kò yo nan touye jwif frè parèy yo san pitye pou pèsonn. Li pa te konprann batay ou genyen sou frè parèy ou se pi gwo malè ki ka rive ou. Li te mete nan tèt li batay li t'ap genyen an se te yon defèt pou lènmi li yo, men pa pou frè menm ras avè l yo.
7Men, li pa te rive pran gouvènman an nan men l. Li te blije kouri met deyò, l'al kache nan peyi moun Amon yo. Konsa, li sòti wont nan konplo li te fè a.
8Mechanste li a jwenn ak bout li. Y'al pote plent pou li bay Aretas, chèf moun Arabi yo. Li tanmen kouri sot nan yon lavil ale nan yon lòt. Tout moun te dèyè l, pèsonn pa te vle wè l, yo te konsidere l tankou moun ki pa gen respè pou lalwa. Yo te rayi l pou jan li te maltrete pwòp peyi li ansanm frè menm peyi avè l yo. Bout pou bout, mesye al chwe nan peyi Lejip.
9Se konsa li menm ki te chase anpil moun met deyò nan peyi yo, li mouri nan peyi etranje. Li te pati pou peyi Lasedemòn avèk espwa li ta ka jwenn pwoteksyon bò kote moun Espat yo ki fanmi ak jwif yo.
10Li menm ki te fè jete kadav anpil moun atè pou yo rete san antere a, li pa jwenn yon moun pou kriye pou li, yo pa fè ankenn lantèman pou li. Li pa te gen chans jwenn plas pou yo antere l nan kavo fanmi li.
Antyokis atake lavil Jerizalèm(1 Makabe 1.20-63)11Lè wa a vin konn tout bagay sa yo, li mete nan tèt li peyi Jide pran lèzam. Mesye move kou yon kong, li pati kite peyi Lejip epi li antre lavil Jerizalèm ak lame li a.
12Li bay sòlda li yo lòd pou yo san pitye, pou yo desann tout moun yo jwenn sou wout yo, epi pou yo koupe kou tout moun k'al kache kò yo anndan kay.
13Yo touye jennmoun kou granmoun, yo masakre fanm kou timoun, yo dechikte jennfi kou tibebe nan tete.
14Sou bout twa jou lavil la te pèdi katrevenmil (80.000) moun: yo touye karantmil (40.000) moun, epi yo pran yon lòt karantmil moun yo vann fè esklav.
15Men sa pa te kont toujou pou Antyokis. Li penmèt li antre nan tanp lan, premye kay nan tout kay yo mete apa pou Bondye sou latè. Epi se Menelas menm, nonm ki te trayi ni relijyon li ni peyi li, ki te mennen l.
16Wa a pran veso yo mete apa pou Bondye yo ak men li ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Li lonje men sal li yo, li ranmase ofrann lòt wa yo te fè pou anbeli tanp lan pi plis ak pou ba li plis prestij.
17Lògèy te sitèlman moute vire tèt wa a, li pa te konprann se paske moun lavil Jerizalèm yo te fè anpil peche kifè Granmèt la te fache pou yon ti tan sou yo. Se poutèt sa li te kite sa ki rive tanp lan rive l.
18Paske, si pèp la pa te lage kò l nan fè tout kantite peche sa yo, rive wa a te rive nan tanp lan, yo t'ap bat li ak fwèt byen bat, yo pa ta kite l fè tout ensolanste sa a. Menm sa ki te rive Elyodò wa Selesis te voye pou kontwole chanm trezò tanp lan, se sa ki ta rive l tou.
19Men, se pa poutèt tanp lan Granmèt la te chwazi pèp la, se poutèt pèp la li te chwazi tanp lan.
20Se poutèt sa, menm jan tanp lan te pase tou nan malè ki te tonbe sou pèp la, konsa tou apre sa la kanpe ankò lè pèp la va kanpe ankò. Nan yon mouvman kòlè, Bondye ki gen tout pouvwa a te lage l. Men nan apre, lè la byen ankò ak pèp la, l'ap fè l bèl jan l te ye anvan an.
21Lè Antyokis fin pran santrannsenkmil (135.000) liv ajan nan tanp lan, li prese tounen lavil Antyòch. Nan lògèy li, li te pèdi tèt li nèt, li te konprann li ta kapab fè batiman navige sou tè sèk, osinon fè lame sòlda li yo mache sou lanmè.
22Li kite yon gouvènè pou maltrete jwif yo. Nan lavil Jerizalèm li mete Filip, yon moun peyi Friji ki te pi lwijanboje toujou pase Antyokis ki te chwazi l la.
23Sou mòn Garizim lan li mete Andwonikis. Mete sou mesye sa yo, te gen Menelas ki te maltrete jwif parèy li yo pi mal pase lòt yo. Antyokis te sitèlman pa te vle wè jwif yo,
24li voye Apoloniyis, kòmandan moun Mizi ki te anwole pou lajan nan lame wa a, avèk lòd pou li koupe kou tout gason nan lavil la ki majè epi pou l pran tout fanm yo ak tout timoun yo pou vann yo fè esklav. Apoloniyis te gen yon lame venndemil (22.000) gason dèyè l.
25Rive Apoloniyis rive lavil Jerizalèm, li pran pòz li pa vin pou fè lagè. Li tann jouk jou repo a rive lè tout jwif yo sispann travay, li bay sòlda li yo lòd pou yo sòti al fè parad.
26Tout jwif ki te sòti lavil la pou y'al wè parad la, li fè touye yo. Lèfini, li kouri antre nan lavil la ansanm ak tout sòlda li yo ak zam yo nan men yo. Se pa de moun li pa touye.
27Men, Jida Makabe avèk dis lòt jwif konsa rive chape kò yo ale nan dezè a. Y'al rete nan mòn yo tankou bèt nan bwa. Ni Jida, ni moun ki te avè l yo pa te manje anyen pase fèy plant yo jwenn nan bwa a pou yo pa te manyen ak okenn bagay ki pou ta mete yo nan kondisyon pou yo pa ka sèvi Bondye.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.