1Nan ansyen papye nou jwenn yo, yo rakonte kijan pwofèt Jeremi te bay moun yo te depòte yo lòd pou yo te pran dife a, jan yo te di l la.
2Apre sa, li ba yo lalwa a, li mande yo pou yo pa bliye prensip Granmèt la, ni pou yo pa pèdi tèt yo lè y'a wè estati zidòl fèt an lò ak ajan ansanm ak bèl òneman yo mete sou yo.
3Li ba yo anpil lòt konsèy pou yo pa vire do bay Lalwa Bondye a.
4Nan menm ansyen papye yo, yo te ekri ki jan, dapre yon mesay Bondye te voye ba li, pwofèt la te fè yo pote Tant Randevou a ak bwat Kontra a ale ansanm avè l. Li pran direksyon mòn kote Moyiz te moute pou l te wè peyi Bondye te pwomèt l'ap bay pèp li a.
5Rive sou mòn lan, Jeremi jwenn yon gwòt kote li mete tant lan, bwat Kontra a, lotèl pou boule lansan yo, lèfini li bouche bouch gwòt la.
6Apre sa, nan moun ki te ale ak pwofèt la gen de twa ladan yo ki tounen pou mete renmak sou chemen ki mennen nan gwòt la, men yo pa te ka jwenn chemen an.
7Lè Jeremi vin konn sa, li fè yo repwòch, li di yo konsa: Pèsonn p'ap konn kote gwòt sa a ye, jouk jou Bondye va sanble pèp li a ankò, jouk jou la gen pitye pou yo.
8Lè sa a, Granmèt la va fè wè bagay sa yo ankò, bèl limyè prezans Granmèt la va parèt nan nyaj la, jan li te parèt nan tan Moyiz la ak lè Salomon t'ap lapriyè nan bèl sèvis li te fè pou mete tanp lan apa nèt pou Bondye a.
9Yo rakonte tou nan menm ansyen papye sa yo kijan Salomon, ki te gen don bon konprann lan, te ofri bèt pou touye pou Bondye lè yo t'ap fè sèvis pou fete jou yo te louvri tanp lan pou fè sèvis Bondye, apre yo te fin bati kay ki apa pou li a.
10Menm jan Moyiz te lapriyè Granmèt la epi dife te desann sòti nan syèl la, li boule bèt yo te ofri a, konsa tou Salomon te lapriyè Bondye, epi dife te sòti anwo nan syèl la, li boule ofrann bèt yo te fè pou Bondye a.
11Lè sa a, Moyiz te di: Ofrann bèt yo te touye pou mande padon pou peche a te boule nèt nan dife paske pèsonn pa te manje ladan l.
12Salomon menm bò pa l te pase wit jou ap fete fèt la.
13Yo rakonte tout bagay sa yo nan papye dokiman ak nan liv yo te ekri pou fè chonje tou sa Neyemi te fè. Se konsa yo rakonte tou kijan Neyemi te ranmase tout liv istwa wa yo, liv pwofèt yo te ekri yo, chante David yo, ansanm ak lèt wa yo te ekri sou kèsyon ofrann yo, pou fè yon bibliyotèk.
14Se konsa tou Jida te fè ranmase tout liv sa yo ki te gaye pandan lagè nou t'ap fè a. Kounyeya tout liv sa yo nan men nou.
15Si nou ta bezwen yo, annik voye mesaje ban nou, n'a voye kopi ban nou.
16N'ap pare kounyeya pou nou fete jou yo te mete tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. N'ap ekri nou pou fè nou konnen se yon devwa pou nou fete fèt sa a tou.
17Bondye delivre tout pèp li a. Se pou nou tout li te kite peyi ki pou li a, se nou tout li bay reskonsabilite gouvènman peyi a, ak travay prèt yo. Se nou tout li mete apa pou nou ka viv pou li ase,
18jan li te pwomèt nou sa nan lalwa a. Nou gen konfyans talè konsa Bondye sa a pral gen pitye pou nou, li pral ranmase nou sòti toupatou sou latè, l'ap rasanble nou nan tanp ki apa pou li a, paske li delivre nou anba gwo malè, li mete tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis pou li ankò.
Yon ti koze ak moun k'ap li liv sa a19Jason, moun peyi Sirèn, te ekri senk liv kote li te rakonte istwa Jida Makabe ak frè l yo, jan yo te mete gwo tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò, jan yo te mete lotèl la apa pou Bondye,
20lagè yo te fè ak Antyokis Epifanès, epi ak pitit li Antyokis Epatò,
21kantite aparisyon ki fèt nan syèl la pou ankouraje vanyan sòlda ki te goumen san gad dèyè pou relijyon jwif la, kifè atout sòlda yo pa te anpil, yo te rive piye tout peyi a, yo te fè bann lame lènmi yo kouri met deyò.
22Yo repran posesyon tanp lan ki gen gwo repitasyon toupatou sou latè a, yo libere lavil Jerizalèm, yo mete lwa ki te prèt pou disparèt yo kanpe ankò. Yo te rive fè tou sa paske Granmèt la te gen pitye pou yo, li te bon anpil pou yo.
23Mwen menm mwen bay an gwo nan yon sèl liv tousa Jason te ekri nan senk liv li yo,
24paske kantite chif li bay ak kantite detay li rakonte yo fè sa difisil anpil pou moun ki ta vle swiv tout istwa a.
25Se konsa mwen fè sa m kapab pou moun k'ap li pou plezi yo ka jwenn satilfaksyon, pou moun ki renmen kenbe istwa nan tèt yo ka jwenn li fasil pou yo fè l, tout jan pou sa ka nan avantaj tout moun k'ap li yo.
26Men, se pa te yon travay fasil menm nou te bay tèt nou pou nou te fè lè nou di n'ap bay an gwo tout istwa sa yo. Nou travay di anpil, nou pase anpil nwit san dòmi.
27Se te tankou travay yon chèf kanbiz k'ap pare yon resèpsyon pou anpil moun epi ki ta renmen fè chak moun plezi. Tansèlman, se te yon plezi pou mwen pou m te bay tèt mwen tout traka sa a pou m sa rann anpil moun sèvis.
28M'ap kite Jason ban nou tout ti detay sou chak sa ki te pase. Mwen menm m'ap seye ban nou an gwo sa ki te pase nan yon istwa tou kont.
29Se travay yon enjenyè pou li okipe dènye bagay nan kay nèf lap bati a, men yon bòs pent ki reskonsab pentire miray yo ap annik okipe sa ki gen rapò ak travay penti li a. Mwen wè travay m'ap fè a tankou travay bòspent lan.
30Se reskonsabilite moun k'ap ekri yon istwa pou li fouye antre nan nannan kèsyon an, pou li detaye l byen detaye, pou li pa kite anyen ki pou ta ede l esplike kèsyon an chape anba men l.
31Men pou moun k'ap bay an gwo sa ki ekri deja a, se pou yo rekonèt li gendwa bay yon istwa tou kout san li pa bezwen antre nan tout ti detay.
32Konsa, pou koze a pa twò long, n'ap rete la pou nou ka konmanse ak istwa a, paske se ta bagay moun sòt mwen ta fè la a pou m ta rete ap pale anpil pou prezante istwa a, lèfini pou istwa a menm ta tou kout.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.