Jan 16 - 1998 Haitian Creole

1— Mwen di nou sa pou nou pa dekouraje

24Jouk Jan 15.11 kounyeya, nou poko mande anyen nan non mwen. Mande, n'a jwenn pou nou ka kontan nèt ale.

Lemonn pèdi devan Jezi

25Mwen Jan 10.6 di nou tou sa anparabòl. Yon lè, mwen p'ap bezwen pale daki ak nou ankò. Men m'ap pale nou aklè sou Papa a.

26Jou sa a, n'a mande Papa a sa nou vle nan non mwen, mwen pa di m'ap lapriyè Papa a pou nou,

27paske Jan 14.21 Papa a li menm, li renmen nou. Li renmen nou paske nou renmen m, paske nou kwè mwen sòti nan Papa a.

28Mwen sòti nan Papa a, mwen vin sou latè. Kounyeya, m'ap wete kò m sou latè a, mwen pral jwenn Papa a.

29Disip Jan 16.25 yo di li:

— Se kounyeya w'ap pale kare. Ou pa pale an parabòl.

30Kounyeya nou Jan 2.25 konnen ou konn tout bagay. Ou pa bezwen pèsonn mande ou anyen. Se poutèt sa nou kwè ou sòti nan Bondye.

31Jezi reponn yo:

— Nou sèten nou kwè kounyeya?

32Gade, Zak 13.7; Mat 26.31,45; Mak 14.27,50; Jan 8.29 yon lè gen pou rive, epi li rive deja, kote nou pral gaye, nou chak pral fè yon bò: nou pral bandonnen mwen poukont mwen. Men mwen pa poukont mwen vre, paske Papa a la avèk mwen.

33Mwen Jan 14.27; Wòm 5.1; 1 Jan 5.4 pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouray, lemonn deja pèdi devan mwen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help