1Pa anvye sò mechan yo. Pa chache fè Pitit 1 Pyè 2.17 mwen, gen krentif pou Senyè a. Respekte wa a. Ou pa gen anyen pou ou wè ak moun k'ap kenbe tèt ak yo.
22Moun sa yo ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo. Ou pa janm konnen ki kalite malè Senyè a osinon wa a ka fè rive sou ou.
Lòt pawòl moun bon konprann23Men 2 Kwo 19.7; Pwo 18.5 lòt pawòl moun ki gen bon konprann yo te di ankò.
Sa pa bon pou yon jij gade sou figi moun lè l'ap rann jijman.
24Lè Pwo 17.15 yon jij di yon moun ki fè sa ki mal: Se ou ki gen rezon, jij sa a, tout moun gen pou madichonnen l. Y'ap rayi l toupatou sou latè.
25Men, jij ki pini moun ki antò a va gen kè kontan. Bondye va beni l. Tout zafè l va mache byen.
26Lè ou bay yon bon repons, ou aji tankou yon bon zanmi.
27Regle tout zafè ou. Mete jaden ou anfòm. Apre sa, ou mèt tabli.
28Pa Pwo 25.18 leve pale sou do frè parèy ou san rezon. Pa bay manti sou li.
29Pa Pwo 20.22 janm di li fè m, m'ap fè l tou. M'ap fè l peye sa li fè a.
30Mwen pase bò jaden yon nonm parese, bò jaden rezen yon moun ki san konprann.
31Pikan Eza 5.5 te fin pran jaden an nèt. Move zèb t'ap pouse toupatou. Lantouray jaden yo te fin tonbe.
32Lè mwen wè sa, mwen kalkile. Mwen gade, sa ban m yon leson.
33Dòmi, Pwo 6.10,11 kabicha, kouche sou do, kwaze men ou dèyè tèt ou... Se bon!
34W'ap rete konsa, w'ap wè ou pòv. Mizè ap tonbe sou ou tankou yon ansasen san ou pa atann.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.