1Antyokis, pitit wa Demetriyis la, rete nan yonn nan zile yo, li voye yon lèt bay Simon, granprèt ak gouvènè jwif yo ansanm ak tout moun nan nasyon jwif yo.
2Men sa ki te nan lèt la:
— Wa Antyokis voye gwo bonjou pou Simon, granprèt ak gouvènè, ak pou tout moun nan nasyon jwif la.
3Yon bann trèt te pran peyi zansèt mwen yo t'ap kòmande a pou yo. Men, kounyeya mwen deside pou m reprann dwa mwen sou peyi a, pou m ka mete l kanpe jan l te ye anvan an. Se konsa machte sèvis yon kantite sòlda, epi mwen pare batiman pou fè lagè.
4Mwen fè lide debake nan peyi a pou m tire revanj mwen sou moun ki fini nèt ak peyi a, sou moun ki kraze anpil lavil nan peyi ki anba kòmandman m lan.
5Kounyeya, mwen vle fè ou konnen mwen dakò ak tout wa ki te vin anvan m yo pou nou menm jwif yo, nou pa bezwen peye okenn taks enpo ni okenn lòt obligasyon kado pou nou te fè.
6Mwen ba ou pèmisyon pou ou fè pwòp pyès lajan ou ki va sèvi nan peyi ou la.
7Lavil Jerizalèm va libelibè ansanm ak tanp lan. Tout zam ou te fè fè yo, tout fò ak tout miray ranpa ou te bati epi ki nan men ou kounye a, va toujou rete pou ou.
8Tout lajan ou te dwe kès wa a, ansanm ak tout lòt lajan ou ta ka rive dwe denmen, mwen kite yo pou ou, depi kounyeya ak pou tout tan.
9Lè m'a fin pran peyi a nan men mwen ankò, m'a fè anpil bèl bagay ni pou ou ni pou nasyon ou lan, ni pou tanp lan, pou non jwif yo ka nan bouch tout moun toupatou sou latè.
Antyokis atake Trifon10Nan lanne sanswasannkatòz (174), Antyokis debake nan peyi zansèt li yo te kite a. Epi tout sòlda yo vin jwenn li, yo kite yon ti ponyen ase ak Trifon.
11Antyokis kouri dèyè Trifon. Trifon al kache kò l lavil Dora bò lanmè a,
12paske, avèk tout sòlda li yo ki te vire do ba li a, li te konnen zafè l te nan ti gòdèt.
13Antyokis vin moute kan li devan lavil Dora, avèk sanvenmil (120.000) sòlda ak witmil (8.000) kavalye.
14Li fèmen lavil la. Batiman li yo menm pwoche sou bò lanmè a. Konsa, li bloke lavil la ni sou lanmè, ni sou atè, li pa te kite pèsonn antre pèsonn sòti.
Mesay chèf lavil Wòm yo anfavè jwif yo15Pandan tout tan sa a, Noumenyous ak kanmarad li yo rive tounen sòti lavil Wòm ak kopi yon lèt yo te voye bay divès wa ak nan divès peyi. Men sa ki te nan lèt la:
16— Liziyas, konsil moun lavil Wòm yo, voye bonjou pou wa Toleme.
17Nou te resevwa vizit mesaje ki sòti lakay jwif yo ki zanmi nou epi ki sosye nou tou. Se Simon, granprèt la, ak pèp jwif la ki te voye yo vin rafrechi premye kontra zanmitay ak tètansanm yo te pase ak nou an.
18Yo te pote fè nou kado yon gwo plak pwotèj lò ki peze katsantrannsis (436) kilo.
19Se konsa nou pran desizyon ekri yon lèt voye bay wa yo ak nan tout peyi yo, pou mande pou yo pa chache jwif yo kont, pou yo pa fè lagè ak yo, pou yo pa atake ni lavil yo, ni peyi yo, pou yo pa mete tètansanm ak moun ki ta vle fè yo lagè.
20Nou deside tou pou nou asepte plak pwotèj yo voye fè nou kado a.
21Si ta gen jwif trèt ki ta chape kò yo kite peyi jwif yo pou yo vin kache lakay nou, se pou nou renmèt yo nan men Simon, granprèt la, pou li ka pini yo dapre lalwa jwif yo.
22Se menm mesay sa a yo te voye bay wa Demetriyis, bay Atalis, bay Aryarat, bay Asak,
23bay Samsak ak bay moun lavil Espat yo. Yo te voye menm mesay sa a nan peyi Delòs, peyi Mindòs, peyi Sisyon, peyi Karya, peyi Samòs, peyi Panfili, peyi Lisi, peyi Alikanas, peyi Wòd, peyi Fazelis, peyi Kòs, peyi Side, peyi Aradòs, peyi Gòtina, peyi Esnid, peyi Chip ak peyi Sirèn.
24Yo te voye yon kopi lèt la bay Simon, granprèt la, tou.
Antyokis kase zanmitay ak Simon25Wa Antyokis vin moute kan li nan yon ti bouk tou kole ak Dora. Se san rete li t'ap voye gwoup sòlda yonn apre lòt al atake lavil la. Li fè yo fè machin lagè pou li epi li bloke Trifon, li pa kite pèsonn antre pèsonn sòti nan lavil la.
26Simon voye demil (2.000) nan pi bon vanyan sòlda li yo bay Antyokis, ansanm ak ajan, lò ak anpil zam.
27Men, Antyokis derefize asepte yo. Li kase tout ansyen antant li te fè ak Simon yo, li kase zanmitay li avè l.
28Li voye Atenobiyis, yonn nan konseye l yo, al pale ak Simon. Men mesay li te ba li pote a:
— Kounyeya ou pran lavil Jope, lavil Gezè ak sitadèl nan lavil Jerizalèm lan ki te fè pati peyi ki anba baton kòmandman m lan.
29Ou devaste tout zòn sa yo, ou fè anpil malè nan peyi a, lèfini ou pran anpil lòt kote nan peyi ki anba kòmandan m lan pou ou.
30Se pou ou renmèt lavil ou te pran yo ansanm ak lajan taks ou te ranmase nan zòn ki pa fè pati teritwa peyi Jide a.
31Si ou pa fè sa, se pou ou peye sèzmilsenksan (16.500) kilo ajan pou lavil yo ak yon lòt sèzmilsenksan (16.500) kilo ajan pou dega ou fè nan lavil yo ak pou lajan taks yo ranmase ladan yo. Si ou derefize peye sa, m'ap mache sou ou, m'ap fè ou lagè.
32Atenobiyis, konseye wa Antyokis la, rive lavil Jerizalèm. Li sezi wè tout bèl bagay Simon te gen lakay li, kantite gode lò ak ajan ki te nan saybòd li, ak tout bagay koute chè li te plen lakay li. Li bay Simon mesay wa a.
33Simon reponn, li di l konsa:
— Se pa tè moun lòt nasyon nou antre pran, ni se pa byen lòt moun nou pran pou nou. Men, se eritay zansèt nou yo te kite pou nou. Se lènmi nou yo ki te pran yo pou yo pou yon tan san yo pa te gendwa.
34Nou te jwenn yon bon okazyon pou nou te reprann sa zansèt nou yo te kite pou nou, nou fè l.
35Pou lavil Jope ak lavil Gezè w'ap mande yo, moun ki te rete ladan yo te fè pèp jwif la anpil anpil mal, se fini yo t'ap fini ak peyi nou an. Dakò, n'ap ba ou twamiltwasan (3.300) kilo ajan pou yo.
Atenobiyis pa reponn anyen.
36Men li vire do l byen fache, li tounen al jwenn wa a. Li fè l konnen sa Simon te voye di l, li rakonte kalite richès Simon te genyen ak tousa li te wè. Sa te fè wa a move anpil.
Antyokis voye Kenndebe atake Simon37Pandan sa t'ap pase yon bò, Trifon bò pa l pran yon bato, li chape kò l, l'ale lavil Otosya.
38Wa Antyokis nonmen Kenndebe jeneral an chèf tout zòn bò lanmè a, epi li ba li yon lame ki te gen sòlda apye ak kavalye.
39Li ba li lòd al moute kan li devan peyi Jide a, pou li rebati lavil Sedwon, pou li ranfòse pòtay li yo epi pou li fè lagè ak jwif yo. Apre sa, wa a pran kouri dèyè Trifon.
40Kenndebe desann lavil Jamnya, epi li konmanse ap chache jwif yo kont, li antre nan peyi Jide. Sa li fè prizonye li fè prizonye, sa li touye li touye.
41Li rebati lavil Sedwon, epi li kite kèk kavalye ak sòlda apye nan lavil la ak lòd pou yo sòti tanzantan al fè patwouj sou chemen peyi Jide yo, jan wa a te bay lòd la.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.