Ezekyèl 48 - 1998 Haitian Creole

Yo separe peyi a bay chak branch fanmi

1Sou bò nò, fontyè peyi a ap sòti bò lanmè mete l apa nèt pou Senyè a.

10Y'a Eze 45.4 bay prèt yo yon moso nan tè yo mete apa pou Senyè a. Moso tè pa yo a va mezire douz kilomèt edmi longè sòti solèy leve rive solèy kouche, senk kilomèt lajè sòti nan nò rive nan sid. Se nan mitan moso tè sa a y'a moute Tanp Senyè a.

11Moso Eze 44.10,15 tè sa a va rete pou prèt ki sòti nan fanmi Zadòk, prèt yo te mete apa pou mwen an, paske se yo menm ki te kenbe fèm nan sèvis mwen, ki pat pèdi tèt yo lè rès pèp Izrayèl la te pèdi tèt yo ansanm ak lòt moun branch fanmi Levi yo.

12Se konsa, y'a ba yo yon moso tè pou kont yo, kole kole ak moso tè yo bay moun Levi yo. Se moso tè sa a ki va rete apa nèt pou Senyè a.

13Moun Eze 45.5 Levi yo tou va gen yon moso tè pou yo, sou bò sid pòsyon tè prèt yo. Moso tè sa a tou va mezire douz kilomèt edmi longè sòti solèy leve al solèy kouche, sou senk kilomèt lajè sòti nan nò rive nan sid.

14Yo Lev 27.10,28,33; Eze 44.30 p'ap gendwa ni vann tè a, ni boukante l ak lòt moun, ni bay lòt moun li. Se pi bon tè nan tout pèyi a. Yo mete l apa pou Senyè a, se pou li li ye nèt.

15Rès Eze 45.2,6 tè ki rete nan pòsyon mitan an t'ap mezire douz kilomèt edmi longè, sou de kilomèt edmi lajè. Li menm, yo p'ap mete l apa pou Senyè a, l'a rete pou sèvis moun lavil la, pou bati kay, pou fè lakou. Y'a bati lavil la drèt nan mitan l.

16Lavil la ap kare kare, ak demil senksanven (2.520) mèt chak bò.

17Sou chak bò lavil la va gen yon moso tè kote pou fè lakou. L'a gen sanven (120) mèt lajè.

18Lè y'a fin bati lavil la nan ti pòsyon ki sou bò sid pòsyon tè yo mete apa pou Senyè a, va rete de gwo moso tè, yonn sou chak bò lavil la. Yo chak ap mezire senk kilomèt longè sou de kilomèt edmi lajè. Y'a sèvi jaden pou moun k'ap viv nan lavil la.

19Depi yon moun ap viv nan lavil la, yo pa bezwen konnen nan ki branch fanmi yo moun, yo gendwa travay tè sa a.

20Konsa, Rev 21.16 pòsyon mitan yo mete apa a va kare kare, douz kilomèt edmi chak bò. Anplasman lavil la va ladan l tou.

21Sou Eze 45.7 bò solèy leve ak sou bò solèy kouche pòsyon mitan sa a, kote nou jwenn anplasman Tanp lan, moso tè pou prèt yo ak moun Levi yo ansanm ak anplasman lavil la, va rete de gwo pòsyon ki va pou wa a. Konsa, pòsyon wa a va menm valè ak pòsyon yo bay chak branch fanmi. Tansèlman, l'ap gen pòsyon tè pou Senyè a nan mitan l.

22Pòsyon sou bò solèy leve a va rive jouk sou lanmè Mediterane a. L'ap gen pòsyon tè pou branch fanmi Jida a sou bò nò, ak pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an sou bò sid pou lizyè.

Pòsyon tè lòt sis branch fanmi yo

23Sou bò sid pòsyon mitan sa a, lòt sis branch fanmi pèp la va resevwa pòsyon pa yo. L'a sòti depi sou fontyè bò solèy leve a rive sou fontyè bò solèy kouche a, bò lanmè Mediterane a. Lè ou konmanse sou lizyè pòsyon mitan an, ou jwenn yon pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an.

24Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Simeyon an.

25Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Isaka a.

26Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Zabilon an.

27Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Gad la.

28Sou bò sid pòsyon tè pou branch fanmi Gad la, fontyè a ap kouri depi lavil Tama, desann nan touf bwa ki bò sous dlo Meriba nan peyi Kadès la, moute pase bò fontyè peyi Lejip la rive lanmè Mediterane.

29Senyè Eze 47.21,22 sèl Mèt la di:

— Men peyi nou pral separe fè pòsyon pou nou bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la pa yo.

Pòtay lavil Jerizalèm yo

30Lavil Jerizalèm va fèmen nan mitan kat gwo miray. L'ap gen douz pòtay. Chak pòtay va pòte non yonn nan douz branch fanmi pèp Izrayèl la. Miray nò a va mezire demil senksanven (2.520) mèt longè.

31L'a Rev 21.12,13 gen twa pòtay: pòtay Riben, pòtay Jida, pòtay Levi.

32Miray bò solèy leve a va mezire demil senksanven (2.520) mèt longè. L'a gen twa pòtay: pòtay Jozèf, pòtay Benjamen, pòtay Dann.

33Miray sid la va mezire demil senksanven (2.520) mèt longè. L'a gen twa pòtay: pòtay Simeyon, pòtay Isaka, pòtay Zabilon.

34Miray bò solèy kouche a va mezire demil senksanven (2.520) mèt longè. L'a gen twa pòtay: pòtay Gad, pòtay Asè, pòtay Neftali.

35Tout Jer 3.17; Eze 35.10; Jowèl 3.21 miray la nèt va mezire dimilkatreven mèt longè antou.

Depi jou sa a, y'a rele vil la Granmèt la la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help