Travay 20 - 1998 Haitian Creole

Pòl ale Masedouàn ak Lagrès

1Lè dezòd la sispann, Pòl reyini disip yo, li ba yo kèk pawòl ankourajman, li di yo orevwa, epi l pati pou Masedouàn.

2Li pase nan tout zòn lan, li t'ap ankouraje fidèl yo avèk anpil mesay. Apre sa, li pati, l'ale Lagrès.

3Rive la, li pase twa mwa. Li ta pral pran batiman pou peyi Siri lè li vin aprann jwif yo t'ap pare pèlen pou li. Se konsa, li deside tounen pase Masedwàn ankò.

4Men legliz li te achte ak pwòp san Pitit li a.

29Mwen Mat 7.15; 10.16; Jan 10.12 konnen tou, apre m fin ale, gen moun k'ap vin nan mitan nou pou kraze legliz la, tankou chen mawon nan yon bann mouton.

30Gen 1 Jan 2.19; Gal 4.17 moun k'ap sòti nan mitan nou menm menm, k'ap kanpe pou bay manti, pou chache rale kèk disip dèyè yo.

31Se Mak 13.35,37; 1 Tes 2.11 poutèt sa, mwen di nou: fè atansyon anpil. Toujou chonje ki jan, pandan twazan, lajounen kou lannwit, mwen pa janm sispann avèti nou tout, ak dlo nan je mwen.

32Kounyeya m'ap Det 33.3 renmèt nou nan men Bondye avèk mesay favè li a. Se li menm ki ka fòtifye nou, ki ka ban nou tout bon bagay li sere pou tout moun ki pote non li.

33Mwen Mat 10.8; 1 Kor 9.12; 1 Sam 12.3 pa janm pote lanvi sou lajan pesonn, ni sou lò yo, ni sou rad pyès moun.

34Nou Tra 18.3; 1 Kor 4.12; 1 Tes 2.9 menm, nou konnen ki jan mwen travay ak men m pou m te ka jwenn tou sa mwen menm ansanm ak kanmarad mwen yo nou te bezwen.

35Mwen moutre nou ki jan pou n travay di nan tou sa n'ap fè pou n ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Senyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k'ap bay pase pou moun k'ap resevwa.

36Lè Tra 21.5 li fin pale konsa, Pòl mete ajenou ansanm ak yo tout, epi li lapriyè.

37Yo Tra 21.6; Wòm 16.16; 1 Pyè 5.14 ttout t'ap kriye, yo tout tonbe nan kou Pòl, epi yo t'ap di li orevwa.

38Sa Tra 20.25 ki te fè yo plis lapenn, se lè li di yo p'ap janm wè l ankò. Apre sa, yo kondi l mennen jouk sou batiman an.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help