Estè (Grèk) 7 - 1998 Haitian Creole

Aman pèdi fil devan wa a epi yo touye l

1Wa a te al nan fèt larenn lan ansanm ak Aman.

2Dezyèm jou sa a, lè yo fin manje, wa a di Estè konsa:

— Sa ki genyen menm, larenn Estè? Kisa ou bezwen? Di m sa ou vle, m'ap ba ou li. Ou te mèt mande m mwatye nan peyi ki anba baton kòmandman mwen, m'ap ba ou li.

3Estè reponn, li di l konsa:

— Si se plezi wa a pou li fè m yon favè, tanpri, sove lavi m ansanm ak lavi pèp mwen an. Se sa ase mwen mande. Se sa ase mwen vle ou ban mwen.

4Paske yo vann nou, mwen menm ansanm ak tout pèp mwen an pou yo masakre nou, pou yo piye nou, pou yo fè nou tounen esklav, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo, pou nou sèvi domestik lakay yo. Men, mwen te fè tankou m pa te konnen nouvèl la paske moun k'ap plede fè move rapò sa yo sou nou an pa merite pou l fè pati moun k'ap sèvi nan lakou palè a.

5Lè sa a, wa a mande l:

— Kimoun ki penmèt li fè bagay konsa?

6Estè reponn li:

— Yon lènmi. Se Aman, malveyan sa a.

Aman dekare, li pran tranble devan wa a ak larenn lan.

7Wa a leve bò tab la, li sòti al nan jaden palè a. Aman menm rete ap mande larenn lan padon paske li te wè li te nan ka.

8Lè wa a antre sòti nan jaden an, li wè Aman panche sou divan Estè a ap mande l pou li fè pa l. Lè wa a wè sa, li di konsa:

— Kounyeya ou sòti pou fè kadejak sou madanm mwen, andedan lakay mwen, mete sou sa ou fè deja?

Aman konprann sa wa a di l la, li vire tèt li sitèlman li te wont.

9Lè sa a, Bougatan, yonn nan nèg konfyans wa yo, di wa a konsa:

— Aman te gentan pare yon poto pou l te pann Madoche ki te sove lavi wa a. Poto a gen swasannkenz pye wòtè. Li kanpe nan mitan lakou kay Aman an.

Wa a bay lòd pou yo pann Aman ladan l.

10Se konsa yo pann Aman nan poto li menm li te pare pou Madoche a. Apre sa, kòlè wa a tonbe.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help