Sòm 21 - 1998 Haitian Creole

SÒM 21 (20)Konfyans wa a nan Bondye(1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm Sòm 28.7,8 David.

1(2) Wa a Sòm 20.4 kontan, Senyè, dèske ou te ba li fòs kouray.

Wa a kontan nèt dèske ou fè l genyen batay la.

2(3) Ou 1 Kwo 20.2 ba li tou sa l te renmen.

Ou pat refize l sa l te mande ou.

3(4) Ou Sòm 61.6; 91.16 vin bò kote l avèk anpil benediksyon,

ou mete yon kouwòn fèt ak bon lò sou tèt li.

4(5) Li Sòm 96.6 mande ou lavi, ou ba li l.

Ou ba l yon lavi ki long, yon lavi ki p'ap janm fini.

5(6) Y'ap Sòm 16.11 fè gwo lwanj pou li, paske ou ede l,

ou fè yo respekte l, ou ba li bèl pozisyon,

6(7) Ou Sòm 16.8; 91.2 mete benediksyon ou sou li pou tout tan.

Ou fè kè l kontan paske ou la avè l.

7(8) Wa a mete konfyans li nan Senyè a.

Gremesi Bondye ki anwo nan syèl la,

wa a la pou tout tan.

8(9) Wa a Sòm 50.3; Eza 26.11; Mal 4.1 ap mete men l sou tout lènmi l yo,

l'ap mache pran tout moun ki pa vle wè l yo.

9(10) Lè 1 Wa 13.34; Sòm 37.28; Eza 14.20 wa parèt, w'ap detwi yo

tankou yon gwo boukan dife.

Lè Senyè a ankòlè, se fini l'ap fini ak yo,

dife ap boule yo nèt.

10(11) W'ap disparèt tout pitit yo sou latè,

w'ap disparèt tout ras yo pami lèzòm.

11(12) Y'ap Sòm 11.2; 18.40 fè move plan, y'ap fè konplo sou wa a,

men sa p'ap mache pou yo.

12(13) L'ap tire flèch li sou yo,

l'ap fè yo kouri ale.

13(14) Senyè, leve non. Fè yo wè fòs ou!

N'a chante, n'a fè lwanj pou jan ou gen pouvwa!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help