Jozye 8 - 1998 Haitian Creole

Ayi anba men Izrayèl

1Senyè a di Jozye konsa:

— tout te kouri sòti dèyè pèp Izrayèl la. Yo kite pòtay lavil la gran batan louvri san pèsonn pou defann li.

18Senyè a Egz 17.8-15; Joz 8.26; 2 Wa 13.14-19 di Jozye konsa:

— Leve frenn ki nan men ou lan, lonje l sou lavil Ayi a: mwen pral lage lavil la nan men ou.

Jozye lonje frenn ki te nan men l lan sou lavil la.

19Leve li leve men l, mesye ki te anbiske kò yo sòti byen vit nan kachèt yo a, yo kouri antre nan lavil la, yo pran lavil la pou yo. Lamenm yo mete dife ladan l.

20Lè mesye lavil Ayi yo vire tèt yo gade, yo wè yon gwo lafimen ki t'ap sòti nan lavil la moute nan syèl, yo pat konn ki bò pou yo fè, paske lè sa a, sòlda pèp Izrayèl ki t'ap kouri nan direksyon dezè a te vire tounen sou yo.

21Lè Jozye ak tout moun li yo wè lòt sòlda ki te kache yo te pran lavil la, lè yo wè dife nan lavil la, yo vire tounen, yo atake moun lavil Ayi yo.

22Lòt moun pèp Izrayèl yo menm sòti nan lavil la, epi yo mache sou yo tou. Konsa moun lavil Ayi yo te sènen toupatou ak moun pèp Izrayèl yo. Sòlda pèp Izrayèl yo touye mezi moun yo jwenn devan yo. Yo pa kite yonn vivan,

23esèpte wa lavil Ayi a. Yo pran mesye, yo mennen l bay Jozye.

24Moun Izrayèl yo kouri dèyè lènmi yo nan tout mòn yo ak nan tout dezè a. Lè yo fin touye tout, yo tounen lavil Ayi, epi yo touye tout moun ki te ladan l.

25Jou sa a, yo touye douzmil (12.000) moun, fi kou gason, ki t'ap viv nan lavil Ayi a.

26Jozye Joz 8.18 menm te kenbe bra l leve anlè ak frenn lan lonje sou lavil Ayi a jouk yo te fin touye tout moun ki te rete nan lavil la tankou yon ofrann pou Senyè a.

27Moun Joz 8.2 Izrayèl yo te pran tout bèt moun yo ak tout byen yo pou yo, jan Senyè a te bay Jozye lòd la.

28Jozye Det 13.16 boule lavil Ayi a, li fè l tounen mazi, kote moun pa janm rete jouk jòdi a.

29Li Det 21.23; Joz 7.26; 10.26 fè yo pann wa lavil Ayi a nan yon pyebwa, epi yo kite l la jouk aswè. Lè solèy kouche, Jozye bay lòd pou yo desann kadav la. Yo pran l, yo voye l jete devan pòtay lavil la. Yo mete yon gwo pil wòch sou li. Pil wòch la la jouk jòdi a.

Lekti liv lalwa a pou pèp la

30Lè Egz 20.24,25; Det 27.4-6 sa a, Jozye bati yon lotèl pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, sou mòn Ebal.

31Li bati li dapre lòd Moyiz, sèvitè Senyè a, te bay moun pèp Izrayèl yo, jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la: N'a bati yon lotèl ak wòch ki pat janm travay ak zouti fè. Yo ofri sou lotèl la bèt yo touye pou boule nèt pou Senyè a, epi yo touye bèt pou mande Bondye padon.

32Antan Det 27.2-4 yo la, Jozye pran lalwa Moyiz te ekri pou pèp Izrayèl la, li kopye l sou tout wòch lotèl la devan tout pèp la.

33Apre Det 11.29; 27.11-13; 31.12 sa, tout pèp Izrayèl la vini ak chèf fanmi yo, dirèktè yo ak jij yo ansanm ak moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo kanpe sou de bò Bwat Kontra Senyè a, ak fas yo vire ap gade moun Levi ki t'ap pote Bwat Kontra a sou zepòl yo nan mitan. Mwatye ladan yo te kanpe sou pant Mòn Garizim, mwatye sou bò mòn Ebal. Se konsa, depi lontan Moyiz, sèvitè Bondye a, te ba yo lòd kanpe lè lè a va rive pou yo resevwa benediksyon.

34Lèfini, Det 28.2-68; 30.19; 31.11; Ney 8.2,3 Jozye li tout pawòl ki te nan liv lalwa a, pawòl benediksyon yo kou pawòl madichon yo, jan yo ekri nan liv lalwa a.

35Jozye Det 31.12 li tout kòmandman Moyiz te bay yo san sote yon mo devan tout pèp Izrayèl la ki te reyini ansanm ak fanm yo, timoun yo ak tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help