1Lè Samyèl konmanse granmoun, li mete pitit gason l yo pou gouvènen pèp Izrayèl la.
2Pi gran an te rele Jowèl, piti a te rele Abija. Se lavil Bècheba yo t'ap gouvènen.
3Men ak pi bon bourik nou yo pou fè yo travay pou li.
17L'ap pran yon mouton pou chak dis mouton n'a genyen. Lèfini, l'ap fè nou tounen esklav li.
18Jou Pwo 1.28; Eza 1.15; Am 8.12; Mi 3.4 sa a, n'a rele anmwe pou wa nou an, wa nou menm n ava chwazi a. Men lè sa a, Senyè a p'ap okipe nou.
19Pèp la te derefize koute Samyèl. Yo t'ap di:
— Non! Se yon wa nou vle pou gouvènen nou,
20pou 1 Sam 8.5 nou kapab menm jan ak tout lòt nasyon yo. Wa nou an va gouvènen nou, l'a mache alatèt lame nou lè nou pral nan lagè, l'a mennen batay nou pou nou.
21Samyèl tande tou sa pèp la t'ap di. Lale rapòte yo bay Senyè a.
22Lè 1 Sam 8.7; Oze 13.11 sa a, Senyè a reponn li:
— Ou mèt fè sa yo di a. Ba yo yon wa pou gouvènen yo.
Epi Samyèl di moun pèp Izrayèl yo:
— Tout moun mèt tounen lakay yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.