Estè (Grèk) Ch - 1998 Haitian Creole

Lapriyè Madoche a 1 Madoche vin chonje tou sa Granmèt la te fè, li lapriyè nan pye l, 2 li di l konsa:— Granmèt, Granmèt o! Wa ki gen tout pouvwa a,ou donminen sou tout bagay nèt.Pa gen moun ki ka kenbe tèt avè oulè ou vle delivre pèp Izrayèl la. 3 Se ou ki te fè syèl la ak tè aak tout bèl bagay ki anba syèl la. 4 Ou menm, Granmèt, ou se mèt tout bagay.Pa gen moun ki ka kenbe tèt avè ou. 5 Ou konnen tout bagay, Granmèt!Ou konnen si mwen pa bese tèt mwen jouk atè devan Aman, nèg ògèye sa a,se pa paske mal twò lwen,ni paske mwen gen lanbisyon. 6 Ou konnen kijan, pou delivrans pèp Izrayèl la,m ta dakò pou m ta menm niche pye Aman. 7 Men, mwen fè sa m fè apou m pa bay yon moun respè ak lonèki plis pase sa pou m bay Bondye a.Non. Mwen p'ap janm bese tèt mwen jouk atè devan pèsonn,pase devan ou ase, Granmèt mwen.Epi se pa lògèy k'ap fè m fè sa. 8 Kounyeya,Egz 3.6 Granmèt, Bondye ki Wa a, Bondye Abraram lan,egzante pèp ou a,paske lènmi sòti pou yo touye nou.Yo ta renmen disparètpèp ki rele ou pa ou depi nan konmansman. 9 Pa meprize sa ki pou ou,pèp ou te achte pou ou a nan peyi Lejip. 10 Koute lapriyè m'ap fè nan pye ou.Tanpri, nan bon kè ou, gade pèp ki pou ou a.Wete nou nan lapenn sa a, ban nou kè kontan.Konsa n'a viv, n'a chante chante pou non ou, Granmèt.Pa kite yo fèmen bouch k'ap fè lwanj pou ou yo. 11 Tout pèp Izrayèl la nèt t'ap rele byen fò tou nan pye Bondye paske yo te wè yo te prèt pou mouri.Lapriyè Estè a 12 Larenn Estè menm bò pa li te gen yon sèl kè sere ki t'ap fini avè l. Li kouri mande Bondye lasistans li. 13 Li wete bèl rechany seremoni ki te sou li yo, li mete rad moun yo konn mete lò yo nan gwo lafliksyon ak nan gwo lapenn. Li pa mete odè koute chè sou li, li kouvri tèt li pito ak sann dife ansanm ak fatra. Li bay tèt li kou nan tout kò l. Pase pou li mete bèl bijou ak kè kontan sou li, li lage cheve l yo, li kite yo san penyen. 14 Li t'ap lapriyè Granmèt la, Bondye pèp Izrayèl la, li t'ap di konsa:— Granmèt mwen, wa nou,pa gen tankou ou.Ede m non paske mwen pou kont mwen.Mwen pa gen lòt moun pase ou menm pou ban m sekou. 15 M pral jwe ak lanmò. 16 Depi m fèt, mwen tande moun branch fanmi papa m yo ap dikijan, ou menm Granmèt, ou te chwazi pèp Izrayèl lanan mitan tout lòt nasyon yo.Wi, ou te chwazi zansèt nou yonan mitan tout grandèt tan lontan yopou yo rele ou chèmèt chèmètrès pou tout tan,lèfini ou te fè pou yo tou sa ou te pwomèt w'ap fè a. 17 Men, nou fè peche devan ou.Konsa, ou lage nou nan men lènmi nou yo, 18 paske n'al fè sèvis pou bondye yo.Granmèt, ou gen rezon nan tou sa w'ap fè. 19 Lènmi nou yo mete nou nan gwo lesklavaj,men sa pa kont yo toujou.Lekontrè, yo pran angajman ak zidòl yo 20 pou yo anpeche sa ou te di ou gen pou fè a rive fèt,pou yo disparèt pèp ki rele ou pa ou la,pou yo fèmen bouch k'ap fè lwanj pou ou yo,pou yo fini ak bèl bagay ki nan kay ou a ak sou lotèl ou a. 21 Konsa, moun lòt nasyon yo ka fè fètpou chante zidòl ki pa vo anyen yo.Pou tout tan gentan y'a rete ap fè lwanjpou yon wa ki gen pou mouri. 22 Granmèt, pa kite baton kòmandman ou lannan men zidòl yo ki pa anyen menm.Pa kite lòt moun yo ap pase nou nan riziblè yo wè nou tonbe konsa.Sa yo fè lide fè nou an, fè se yo li rive.Bay moun ki te fè plan sa a dèyè nou anyon chatiman pèsonn p'ap janm bliye. 23 Granmèt, chonje tèt ou non!Nan mitan tray kote nou ye a,fè tout moun konnen ki moun ou ye non!Mwen menm pou tèt pa m, ban m fòs kouray,ou menm ki wa bondye yo, epi ki chèf tout otorite yo! 24 MeteJi 9.13 bon pawòl dous nan bouch mwen pou m ka pale ak lyon an.Manyen kè li pou l ka rayi moun ki sòti pou fè nou lagè a,pou l touye l, li menm ansanm ak tout patizan l yo. 25 Avèk fòs ponyèt ou, rache nou anba men yo,vin pote mwen sekou.Paske mwen pou kont mwen,m pa gen lòt moun pase ou menm, Granmèt.Ou konn tout bagay. 26 Ou konnen jan mwen pa vle wè bèl bagay moun san lalwa yo ap plede fè yo.Sa ban m degoutanspou m wè se madanm yon moun lòt nasyon,madanm yon etranje mwen ye. 27 Ou menm ou konnen kijan mwen pran nan yon sitirasyon ki jennen m anpil.Ou konnen jan kouwòn larenn mwen mete sou tèt mwenlè m'ap parèt devan moun lan ban m degoutans.Li ban m degoutans, ou ta di twal règ mwen.Konsa tou, m pa pote l lè m pou kont mwen. 28 SeDa 1.8; Ji 12.2 sèvant ou mwen ye.M pa janm manje lakay Aman,ni mwen pa janm al nan babako wa a ap fè yo,ni mwen pa janm bwè diven li ofri bay zidòl li yo. 29 Depi jou mwen vin isit la rive jòdi a,mwen pa janm santi kè m kontan,esèpte lè m bò kote ou, Granmèt, Bondye Abraram. 30 Bondye, ou menm ki gen pouvwa sou tout bagay,koute lapriyè moun ki fin dekouraje yo.Rache nou sòti anba men malveyan yo.Wete m nan danje k'ap fè m pè a.
Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help