1Apre sa, lè kòlè wa a fin pase, wa a pa janm nonmen non Astin ankò. Lide li te toujou sou lòd li te bay la ak jan li te kondannen larenn lan.
2Lè sa a, chèf ki t'ap sèvi avè l yo di konsa:
— Annou mete moun chache pou wa a detwa bèl jennfi ki tifi toujou.
3Nan tout pwovens peyi ki anba otorite l yo, wa a va nonmen enspektè ki va chache bèl ti jennfi ki poko nan gason. Y'a mennen yo nan kay madanm wa yo lavil Souz. La mete yo sou kont nèg konfyans ki reskonsab madanm li yo. Y'a ba yo krèm pou pase sou figi yo ak tout lòt bagay y'a bezwen pou fè kò yo bèl.
4Fanm ki va fè wa a plezi plis la va pran plas Astin lan.
Wa a wè se te yon bon lide, li fè sa konsa vre.
5Lè sa a, nan lavil Souz te gen yon jwif ki te rele Madoche. Se te pitit Jayiwòs, ki li menm te pitit Semeyas, ki li menm te pitit Kisayas, nan branch fanmi Benjamen an.
6Se2 Wa 24.10-16; 2 Kwo 36.10 te yonn nan moun Nebikadneza, wa peyi Babilòn lan, te pran lavil Jerizalèm pou l te depòte yo.
7Madoche te reskonsab yon tifi ki te rele Estè. Se te pitit fi Aminadab, tonton li. Lè Estè pèdi papa l ak manman l, Madoche te pran l lakay li, li elve l pou l te marye avè l. Se te yon bèl fi anfòm.
8Apre yo te fin pibliye lòd wa a, yo reyini anpil jennfi. Yo mennen yo lavil Souz, yo mete yo sou kont Gayi. Se konsa Estè te sou kont Gayi ki te reskonsab tout madanm wa yo.
9Estè te fè Gayi plezi anpil. San Gayi te ale avè l. San pèdi tan, li prese ba li tou sa li te bezwen pou fè kò l bèl ak manje ki bon pou li. Li chwazi sèt pi bon nan bòn ki t'ap travay nan palè wa a, li bay Estè pou sèvis pa l. Li okipe ni Estè ni damdonè li yo byen nan kay madanm wa yo.
10Estè pa te di pèsonn moun ki peyi ak ki ras li te ye, paske Madoche te ba li lòd pou l pat fè sa.
11Tansèlman, chak jou, Madoche t'ap pwonmennen bò lakou kay medanm yo, li t'ap veye jan sa ta pral pase pou Estè.
12Yo te pran douz mwa pou yo te pare chak jennfi anvan yo te mennen yo al jwenn wa a. Men kijan sa te fèt.
Pandan tout lanne yo te pran pou pare jennfi yo, yo pase sis mwa ap pran masaj ak lwil lami, sis mwa ak odè ansanm ak krèm fèt pou madanm marye.
13Apre sa, yo renmèt chak jennfi nan men moun yo te chwazi pou mache ale ak yo depi nan kay madanm wa yo jouk nan palè a pou y'al jwenn wa a.
14Se yon jou swa yo toujou mennen l kay wa a. Nan maten, yo fè l ale nan yon lòt kay wa a te genyen pou fanm kay li yo ki te sou kont Gayi, nèg konfyans wa a. Jennfi a pa te gen pou l te tounen kay wa a ankò, esèpte si wa a bay non li pou fè chache l.
15Jou pou Estè ale kay wa a rive. Estè, pitit fi Aminadab, tonton Madoche a, pa te fè pase sa Gayi, nèg konfyans ki reskonsab fanm wa yo, te di l fè. Tout moun tonbe pou Estè lè yo wè l.
16Lè sa a Atagzèsès t'ap mache sou sèt an depi li te wa a. Se nan douzyèm mwa a, ki vle di mwa Ada a, yo mennen Estè al jwenn wa a.
17Wa a tonbe pou Estè, li renmen l plis pase tout lòt jennfi yo. Li mete kouwòn larenn lan sou tèt Estè.
18Lèfini, wa a fè yon gwo resèpsyon pandan sèt jou pou tout zanmi l yo ak tout lòt gwo zotobre yo. Se konsa li fete maryaj li ak Estè. Li bay tout moun nan peyi ki sou otorite l yo yon rabè sou taks yo.
19Madoche te nan gwo pozisyon nan gouvènman wa a.
20Estè menm pa te kite pèsonn konnen moun ki peyi li ye, paske Madoche te ba li lòd pa di anyen sou sa. Men, Madoche te di l tou se pou li gen krentif pou Bondye, epi pou li fè tou sa Lalwa jwif yo mande. Se konsa Estè te obeyi Madoche jan li te toujou obeyi l lè li te timoun lakay li.
Madoche dekouvri yon konplo yo t'ap fè pou touye wa a21De nèg konfyans wa yo ki te chèf gad kò li te fache dèske wa a te moute Madoche grad nan gouvènman l lan. Yo t'ap chache okazyon pou yo touye wa a.
22Madoche vin konn sa. Li di larenn Estè sa. Larenn Estè menm al fè wa a konnen tout detay konplo a.
23Wa a fè kèsyonnen de nèg konfyans yo. Lèfini li fè pann mesye yo. Pou fè lwanj Madoche, li bay lòd pou yo ekri tout bagay sa yo nan gwo liv achiv wa a, konsa y'a toujou chonje bèl sèvis sa a Madoche te rann wa a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.