Eklezyas 3 - 1998 Haitian Creole

Anyen pa deranje

1Gen yon lè pou chak bagay.

Gen yon tan lè 2 Wa 3.25; Eza 5.2; Jowèl 2.16 pou ou kouche ak madanm ou, lè pou ou pa kouche ak li,

lè pou nou fè karès, lè pou nou pa fè karès.

6Gen tan pou genyen, gen tan pou pèdi.

Gen lè pou fè lajan, gen lè pou depanse lajan,

7lè Am 5.13 pou ou dechire, lè pou ou koud,

lè pou ou rete san pale, lè pou ou pale.

8Renmen Lik 14.26 gen lè li, rayi gen lè li.

Gen lè pou lagè, gen lè pou lapè.

9Kisa Ekl 1.3 yon nonm jwenn nan travay li?

10Mwen Ekl 1.13 rive konnen ki kalite travay Bondye bay moun pou yo fè.

11Li Jen 1.31; Ekl 8.17; Wòm 11.33 fikse yon lè pou chak bagay byen fèt. Li mete nan kè moun lanvi pou yo konnen sa ki gen pou rive denmen. Men, li pa janm kite yo fin konprann nèt travay l'ap fè a.

12Mwen wè pi bon bagay moun ka fè nan lavi, se fè kè ou kontan epi fè tèt ou plezi.

13Tout Ekl 2.24 moun fèt pou yo manje, pou yo bwè, pou yo jwi sa travay yo rapòte yo. Sa se kado Bondye ba yo.

14Mwen Jak 1.17 konnen tou sa Bondye fè, yo la pou toutan. Ou pa ka mete anyen sou li, ni ou pa ka wete anyen ladan. Bondye fè sa konsa pou lèzòm ka gen krentif pou li.

15Sa Ekl 1.9 ki rive jodi a te rive deja!

Sa ki gen pou rive te rive deja tou!

Bondye fè sa ki te rive deja, yo vin rive ankò!

Lenjistis ki sou latè

16Apre Ekl 4.1; 5.8 sa, mwen wè sou latè se mechanste ou jwenn kote pou ou ta jwenn jistis. Malveyans chita nan tribinal yo.

17Mwen Ekl 3.1; Mat 16.27; Wòm 2.6; 2 Kor 5.10 di nan kè mwen: Bondye ap jije ni bon ni mechan. Paske chak bagay gen jou pa yo. Gen yon tan pou tou sa w'ap fè.

18Mwen di nan kè mwen ankò: Bondye ap gade kote moun ye. L'ap fè yo wè yo pa pi bon pase zannimo.

19Lè Sòm 49.12 ou gade byen, sò moun ak sò zannimo, se menm bagay. Ni yonn, ni lòt gen pou mouri. Se menm souf la ki nan toulede. Moun pa gen okenn avantaj sou zannimo, paske lavi pa vo anyen ni pou yonn ni pou lòt.

20Toulede Jen 3.19 pral menm kote

Toulede soti nan pousyè tè.

Toulede ap tounen nan pousyè tè.

21Ki Ekl 12.7 moun ki konnen si nanm moun moute anwo nan syèl epi nanm zannimo desann anba tè vre?

22Konsa, Ekl 2.10; 10.14 mwen wè pa gen pi bon bagay yon moun ka fè sou latè pase jwi sa travay li rapòte l. Se sèlman sa li ka fè. Epitou, ki moun k'ap fè l tounen pou l ka konnen sa k'ap rive apre li fin mouri?

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help