Levitik (Liv Prensip lavi nan Bondye) - 1998 Haitian Creole

(Liv Prensip lavi nan Bondye)Nan douz branch fanmi Jakòb yo, branch fanmi Levi a te apa nèt. Se yo ki te reskonsab fè tout kalite sèvis nan tanp lan, se yo ase ki te gendwa okipe dènye bagay ladan l. Lèfini, se yo tou ki te la pou ede pèp la viv jan Bondye vle l la. Nan liv sa a nou jwenn tout regleman ki bay jan pou moun Levi yo fè travay yo.Liv Prensip lavi ak Bondye a fè nou konprann Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa li ye, li pa tankou lòt bondye yo. Konsa, pèp la pa ka sèvi l menm jan yo sèvi lòt bondye yo, ni yo pa ka viv nenpòt ki jan si yo vle pou yo toujou fè sèvis pou li. Se kalite Bondye n'ap sèvi a ki di ki jan pou nou fè seremoni yo ak ki jan pou nou viv.Se nan liv sa a Jezi te pran bèl pawòl li te bay pou dezyèm gwo kòmandman an: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou (19.18; Mat 27.39).Men plan liv la1. Regleman pou ofrann bèt ak lòt kalite ofrann (1—7)2. Sèvis konsekrasyon Arawon ak pitit li yo (8—10)3. Regleman sou sa ki bon ak sa ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye (11—15)4. Jou Bondye fè gras la (16)5. Regleman sou jan pou pèp la sèvi Bondye ak sou jan Bondye vle pou yo viv (17—27)
Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help