Jeremi 1 - 1998 Haitian Creole

1Men pawòl Jeremi, pitit Ilkija ki te yonn nan prèt Anatòt yo, te di lè li te nan peyi branch fanmi Benjamen an.

2Lè ki rete tankou l'ap veye.

12Lè sa a, Senyè a di:

— Se sa menm!

Mwen menm, m'ap veye

pou sa m di a rive vre.

13Apre Jer 4.6; 6.1,22; Eze 24.3 sa, Senyè a pale avè m', li di m' yon lòt fwa ankò, li di m':

— Kisa ou wè la a?

Mwen reponn li:

— Mwen wè yon chodyè k'ap bouyi sou dife.

Vapè chodyè a ap desann soti nan nò.

14Lè sa a Senyè a fè m konnen:

— Yon gwo malè pral sòti nan nò,

l'ap tonbe sou tout moun ki rete nan peyi a.

15Paske Jer 25.9; 39.3 m'ap rele tout ras moun ki rete nan peyi sou bò nò yo pou yo vini.

Se mwen menm Senyè a ki di sa.

Y'a vini, y'a mete fòtèy wa yo devan pòtay lavil Jerizalèm.

Y'ap fè wonn miray ranpa l yo,

y'ap atake tout lavil nan peyi Jida yo.

16M'a 2 Wa 22.17; Eza 2.8; Jer 4.12; 7.9; 19.4; 25.6,7; Tra 7.41 pini moun nan peyi a jan m te di l la, paske yo te fè sa ki mal.

Yo vire do ban mwen, y'al boule lansan pou lòt bondye.

Yo fè zidòl, lèfini yo fè sèvis pou yo.

17Men Eze 3.9 ou menm, Jeremi, mete gason sou ou!

Leve non! Di yo tou sa mwen ba ou lòd di.

Ou pa bezwen pè yo.

Si ou pè yo, m'ap fè ou pi pè yo lè w'a devan yo.

18Jodi a, m'ap ba ou fòs pou kenbe tèt ak tout moun nan peyi Jida a:

ak wa li yo, ak chèf li yo, ak prèt li yo, ak tout rès pèp la.

W'ap tankou yon vil ak yon gwo miray ranpa, tankou yon poto fè, tankou yon miray kwiv.

19Yo Jer 6.27; 15.20 tout pral leve dèyè ou.

Men, yo p'ap ka fè ou anyen.

Paske m'ap kanpe la avè ou pou m delivre ou.

Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help