1(1b) Moun ki mete konfyans yo nan Senyè a, yo tankou mòn Siyon an.
Tankou l, yo p'ap janm brannen, y'ap la pou tout tan.
2Menm 2 Wa 6.17; Zak 2.5 jan mòn sou rebò lavil Jerizalèm yo pwoteje lavil la,
se konsa Senyè a ap pwoteje pèp li a
depi kounyeya ak pou tout tan.
3Non. Mechan yo p'ap gouvènen pou tout tan
sou peyi ki pou moun k'ap mache dwat yo.
Si se pa sa, moun k'ap mache dwat yo ka rive fè sa ki mal.
4Senyè, aji byen avèk moun k'ap fè byen,
avèk moun k'ap mennen yon lavi san repwòch.
5Men, Sòm 128.6; Pwo 2.15; Eza 59.8; Gal 6.16 kanta pou moun ki vire do ba ou yo pou swiv chemen kwochi,
se pou ou disparèt yo ansanm ak tout moun k'ap fè mechanste.
Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.