Amòs 1 - 1998 Haitian Creole

1Men mesay Amòs, yonn nan gadò mouton

ansanm ak chèf ki kòmande lavil Betedenn lan.

Y'a fè moun peyi Siri yo prizonye, y'a depòte yo nan peyi Kir.

Se Senyè a menm ki di sa.

Filisti

6Senyè a 2 Kwo 28.17,18; Jer 47.1,5; Jowèl 3.4-6; Sof 2.4 di konsa:

Moun lavil Gaza yo ap plede fè peche sou peche san rete.

Mwen fin pran desizyon m, mwen p'ap chanje lide.

Yo depòte tout yon nasyon.

Yo vann yo tankou esklav bay moun Edon yo.

7M'ap voye dife sou miray lavil Gaza.

L'ap boule gwo kay yo ra tè.

8M'ap disparèt moun ki kòmande lavil Asdòd

ansanm ak chèf ki rete nan lavil Askalon an.

M'ap pini lavil Ekwon an.

Tout rès moun Filisti yo pral mouri.

Se Senyè a menm, Bondye a, ki di sa.

Tir

9Senyè a di konsa:

Moun peyi Tir yo ap plede fè peche sou peche san rete.

Mwen fin pran desizyon m, mwen p'ap chanje lide.

Yo depòte tout yon nasyon.

Yo vann yo tankou esklav bay moun Edon yo.

Yo pa respekte kondisyon yo te pase pou yo viv yonn ak lòt tankou frè ak frè.

10Se poutèt sa, m'ap voye dife sou miray lavil Tir.

L'ap boule gwo kay li yo ra tè.

Edon

11Senyè a Sòm 137.7; Eze 35.5; Jowèl 3.19 di konsa:

Moun lavil Edon yo ap plede fè peche sou peche san rete.

Mwen fin pran desizyon m, mwen p'ap chanje lide.

Yo kouri dèyè frè yo ak nepe pou yo touye yo.

Yo san pitye pou yo. Kòlè yo pa gen limit.

Yo toujou kenbe yo nan kè yo.

12Se poutèt sa, m'ap voye dife nan lavil Teman.

L'a boule gwo kay lavil Bozra yo ra tè.

Amon

13Senyè a Jer 49.1-3; Oze 13.16; Sof 2.8,9 di konsa:

Moun lavil Amon yo ap plede fè peche sou peche san rete.

Mwen fin pran desizyon m, mwen p'ap chanje lide.

Nan fè lagè pou yo ka gen plis tè,

yo rive devantre fanm ansent peyi Galarad yo.

14Se Eze 21.20,28 poutèt sa, m'ap limen yon dife sou miray lavil Raba.

L'a boule gwo kay yo ra tè.

Se lè sa a w'a tande rèl moun k'ap goumen nan lagè yo,

tankou bri van siklòn k'ap pase.

15Y'a fè wa yo ak tout chèf yo prizonye. Y'a depòte yo.

Se Senyè a menm ki di sa.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help