1Lè sa a, yon sous dlo va pete pou lave
6Si yon moun mande l: Poukisa tout mak blese sa yo sou ponyèt ou? L'a reponn: Se kay yon zanmi sa rive m.
Bondye pral touye gadò mouton l yo7Senyè Eza 40.11; Mat 26.31 ki gen tout pouvwa a pale, li di ankò:
— Nepe, leve non! Al atake gadò mouton m yo,
moun k'ap travay avè m lan.
Touye l pou bann mouton an ka gaye.
M'ap pini ata moun ki pi piti yo.
8Nan tout peyi a, sou chak twa moun,
de pral mouri, yonn va rete.
9Mwen Sòm 50.15; Eza 48.10; Eze 11.20; Mal 3.2,3 pral pase rès moun sa yo nan dife.
Mwen pral netwaye yo
menm jan yo netwaye ajan nan dife.
Mwen pral wè ki kalite moun yo ye
menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon.
Y'a lapriyè nan pye m, m'a reponn yo.
M'a di yo se pèp pa m yo ye.
Y'a di se mwen menm, Senyè a, ki Bondye yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.