1Se sa ki fè, paske nou se pitit Bondye renmen
15Se Mat 10.16; Kol 4.5 sa ki fè, konnen ki jan pou n mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann.
16Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n'ap viv la a pa bon menm.
17Se Wòm 12.2 poutèt sa, pran tèt nou byen, chache konnen sa Senyè a vle nou fè.
18Pa Pwo 23.31; Lik 21.34 soule tèt ou ak bweson. Sa ka mennen ou nan lavi pèvèti. Okontrè se pou nou ranpli ak Sentespri.
19Lè Kol 3.16; Sòm 33.2,3 nou ansanm yonn ak lòt, sèvi ak pawòl sòm yo, kantik yo epi ak pawòl chante Lespri enspire nou. Chante kantik ak Sòm pou Senyè a, lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou.
20Nan Kol 3.17 non Senyè nou an, Jezikri, se tout tan pou n'ap di Bondye Papa a mèsi pou tout bagay.
Devwa moun marye21Nou 1 Pyè 5.5 menm ki gen krentif pou Kris, soumèt nou yonn devan lòt.
22Nou Jen 3.16; Kol 3.18; 1 Pyè 3.1 menm medam yo, soumèt devan mari nou tankou nou soumèt devan Senyè a.
23Se 1 Kor 11.3; Kol 1.18 mari ki alatèt madanm li, menm jan se Kris ki chèf legliz la. Se Kris la menm ki delivre legliz la ki se kò li.
24Konsa, se pou medam yo soumèt devan mari yo menm jan legliz la soumèt devan Kris la.
25Nou Kol 3.19 menm mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen legliz la, jouk li te asepte mouri pou li.
26Li Tit 3.5 te fè sa pou li te ka mete legliz la apa pou Bondye. Li lave legliz la nan dlo ak nan pawòl li.
27Paske, Sòm 45.13; 2 Kor 11.2 li te vle pou legliz la parèt devan l nan tout bèl pouvwa li, byen pwòp, san okenn defo, ni okenn tach, ni okenn pli, ni okenn mank.
28Se pou mari yo renmen madanm yo menm jan yo renmen pwòp tèt pa yo. Yon nonm ki renmen madanm li, li renmen pwòp tèt pa li tou.
29Pèsonn pa janm rayi kò li. Okontrè, li ba l manje, li pran swen l, tankou Kris la ap fè sa pou legliz la
30paske Ef 1.23; 1 Kor 6.15; Jen 2.23 nou se manm kò li.
31Jan Jen 2.24 sa ekri nan Liv la: Gason va kite manman li ak papa li pou li atache ak madanm li. Yo de a va fè yon sèl.
32Se Rev 19.7 yon gwo verite wi Bondye fè nou konnen nan pawòl sa a. Mwen menm, mwen kwè verite sa a se pou Kris la ak legliz la.
33Men, li bon pou nou tou: se pou chak mari renmen madanm yo tankou yo renmen tèt pa yo, epitou se pou chak madanm respekte mari yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.