1Premye jou dezyèm mwa nan dezyèm
15Nan branch fanmi Neftali a, se va Ayira, pitit gason Enan.
16Se Yo fè menm bagay la tou pou tout lòt branch fanmi yo. Pou branch fanmi Simeyon an,
23yo jwenn senkannèfmil twasan (59.300) gason.
24Pou branch fanmi Gad la,
25yo jwenn karannsenkmil sisansenkant (45.650) gason.
26Pou branch fanmi Jida a,
27yo jwenn swasannkatòzmil sisan (74.600) gason.
28Pou branch fanmi Isaka a,
29yo jwenn senkannkatmil katsan (54.400) gason.
30Pou branch fanmi Zabilon an,
31yo jwenn senkannsètmil katsan (57.400) gason.
32Pou branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la,
33yo jwenn karantmil senksan (40.500) gason.
34Pou branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la,
35yo jwenn tranndemil desan (32.200) gason.
36Pou branch fanmi Benjamen an,
37yo jwenn trannsenkmil katsan (35.400) gason.
38Pou branch fanmi Dann lan,
39yo jwenn swasanndemil sètsan (62.700) gason.
40Pou branch fanmi Asè a,
41yo jwenn karanteyenmil senksan (41.500) gason.
42Pou branch fanmi Neftali a,
43yo jwenn senkanntwamil katsan (53.400) gason.
44Se non tout moun sa yo Moyiz ak Arawon te pran lè sa a. Te gen douz chèf, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, ki t'ap ede yo nan travay la.
45Pou tout branch fanmi yo ansanm,
46yo Egz 12.37; 38.26 jwenn sisantwamil senksansenkant (603.550) gason.
47Men Nonb 2.33; 3.39; 4.48; 26.62 yo pat fè resansman branch fanmi Levi a ansanm ak lòt branch fanmi yo,
48paske Senyè a te di Moyiz konsa:
49— Ou pa bezwen fè resansman branch fanmi Levi a. Ou pa bezwen konte moun fanmi Levi yo ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo.
50Men, Nonb 3—4 w'a mete moun fanmi Levi yo reskonsab Tant Randevou a ak tou sa ki ladan l ansanm ak tou sa ki pou li. Se yo ki pou pote l ansanm ak tou sa ki ladan l. Se yo ki pou sèvi ladan l epi yo gen pou yo moute kay yo fè wonn Tant Randevou a.
51Lè 1 Sam 6.19; 2 Sam 6.6,7 pou Tant Bondye a deplase, se moun fanmi Levi yo ki va demoute l. Lè yo rive kote pou yo rete a, se moun fanmi Levi yo ki va moute l tou. Nenpòt lòt moun ki pa nan branch fanmi Levi a epi ki ta pwoche bò tant lan, se pou yo touye l.
52Lòt moun pèp Izrayèl yo menm va moute tant yo apa, chak fanmi ansanm bò labànyè yo, dapre pozisyon yo nan lame a.
53Men, Nonb 3.7,8; 8.19; 18.3-5 moun fanmi Levi yo va moute kay yo fè wonn Tant Randevou a pou kòlè Bondye pa tonbe sou pèp Izrayèl la. Se yo menm tou ki la pou veye sou Tant Randevou a.
54Moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Senyè a te bay Moyiz lòd fè a. Se konsa yo te fè l vre.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.