1Lè sa a, Jidit pran nouvèl tou sa ki te pase. Jidit sa a te pitit fi Merari, ki li menm te pitit gason Oks, pitit gason Jozèf. Men non zansèt Jozèf yo, pran depi sou papa l Ozyèl, moute rive sou Izrayèl. Se te Ozyèl, Ilkija, Ananyas, Jedeyon, Rafayim, Akitoub, Eliyas, Chèlsiyas, Eliyab, Natanyèl, Salamyèl, Sarasaday ak Izrayèl.
2Mari Jidit la te rele Manase. Se te moun menm branch fanmi avè l. Yo te fanmi pre. Men kijan mesye rive mouri. Yon lè yo tap ranmase grenn lòj,
3mesye t'ap veye moun ki t'ap mare tèt lòj yo fè pakèt nan plenn lan. Solèy la te cho anpil, li bat li sou tèt. Mesye tonbe malad, li mouri lavil Betoulya kote l te fèt la. Yo antere mesye menm kote ak zansèt li yo nan jaden ki ant lavil Dotan ak lavil Balamon.
4Apre sa, Jidit rete lakay li pandan twazan kat mwa ap viv tankou yon vèv.
5Li fè bati yon tonnèl pou li menm ase sou do kay li a, li mare yon sak nan ren li, epi se rad vèv ase li te mete sou li.
6Pandan tout tan li t'ap pote dèy mari a, chak jou li t'ap fè jèn, esèpte lavèy jou repo yo ak jou repo yo menm, jou anvan fèt lalin nouvèl yo ak jou lalin nouvèl yo menm, ak lòt jou fèt yo ansanm ak jou plezi pèp Izrayèl yo.
7Jidit la te yon bèl fanm ki te kenbe kò l anfòm. Manase, mari l, te kite lò ak ajan pou li ansanm ak esklav, fanm kou gason, pou sèvi l, li te kite tou anpil tèt bèt, jaden ak tè kote l t'ap viv la.
8Pèsonn pa janm pale Jidit mal, paske li t'ap viv ak krentif pou Bondye.
9Se konsa Jidit vin konnen tout vye pawòl mechanste moun pèp Izrayèl yo te di Ozyas, chèf lavil la, paske yo te dekouraje anpil dèske yo pat ka jwenn dlo. Jidit te vin konnen tou sa Ozyas te reponn yo, kouman li te fè sèman l'ap renmèt lavil la bay moun Lasiri yo si sou senk jou anyen pa rive.
10Jidit rele gouvènant li te mete reskonsab tout byen l yo, li voye l al kote Ozyas, Chabis ak Chamis, gwo chèf lavil yo, pou mande yo vin wè l lakay li.
11Mesye yo vini. Jidit di yo konsa:
— Nou menm ki chèf moun lavil Betoulya yo, tanpri, koute sa m'ap di nou, paske pawòl nou di devan pèp la pa bon, ni sèman nou fè devan Bondye pou n renmèt lavil la bay lènmi nou yo sou senk jou si Granmèt la pa vin pote nou sekou anvan sa.
12Kimoun nou pretann nou ye menm pou n'ap sonde Bondye jòdi a, pou nou pran plas Bondye nan mitan pèp la?
13N'ap sonde Bondye ki gen tout pouvwa a? Genlè nou p'ap janm konprann anyen nan anyen?
14Nou pa ka sonde sa ki nan fon kè lèzòm, ni nou pa ka konprann jan lespri moun ap travay nan tèt yo. Kouman nou ta vle pou nou sonde Bondye ki fè tout bagay, konprann sa ki nan tèt li, konnen lide k'ap travay nan tèt li? Non, frè m yo. Pa fè Granmèt la, Bondye nou an, fache sou nou!
15Paske, si li vle senk jou yo pase san li pa vin pote nou sekou, li menm Bondye ki gen pouvwa a, li granmoun, li gendwa vin ede nou lè li vle. Konsa tou, li gendwa kite lènmi nou yo fini ak nou nèt.
16Se pa nou menm ki pou bay Granmèt la, Bondye nou an, kondisyon travay li, paske se pa moun li ye. Nou pa ka kraponnen l, ni nou pa ka fòse l pran okenn desizyon, tankou nou fè l pou moun parèy nou.
17Se pou nou rete tann ak pasyans delivrans l'ap bay la. Annou lapriyè mande l sekou. L'a reponn nou lè sa va fè l plezi.
18Bondye fè depi kèk tan menm pa gen yon branch fanmi, ni pa gen yon moun nan mitan nou ki janm fè sèvis pou bondye moun fè ak men yo! Nou pa gen yon kote nan peyi a, ni lavil, ni andeyò, kote moun ap fè sèvis zidòl nan mitan nou, jan zansèt nou yo te konn fè l tan lontan.
19Se poutèt sa Bondye te lage yo nan men lènmi yo pou touye yo, pou piye tou sa yo te genyen. Lè sa a, se pa ti kras pèdi yo te pèdi devan lènmi yo.
20Men nou menm, nou pa rekonèt lòt bondye pase Granmèt la. Se poutèt sa nou gen espwa li p'ap meprize nou, ni nou menm isit lavil Betoulya a, ni okenn lòt moun nan ras nou.
21Paske si lènmi rive pran nou, y'ap pran tout rès peyi Jide a tou, y'ap piye kay nou mete apa pou Bondye a. Tansèlman, se nou menm Bondye ap mande regleman dèske yo derespekte kay li a.
22L'ap rann nou reskonsab dèske lènmi touye frè parèy nou yo, dèske yo depòte pèp nou an, dèske yo detwi peyi li te ban nou pou eritay la. Nenpòt kote n'a ye tankou esklav nan peyi moun lòt nasyon yo, mèt nou yo pral meprize nou, yo pral pase nou nan betiz.
23Pa konprann esklavaj sa a pral tounen yon benediksyon pou nou. Bondye nou an, Granmèt la, pral sèvi avè l pou fè nou wont nèt ale.
24Enben, frè m yo, annou bay peyizan nou yo yon egzanp pou yo swiv, paske lavi yo ak lavi pa nou mare ansanm nan menm kòd la. Kote yo mete apa pou Bondye a, kay Bondye a ak lotèl la, tou sa nan men nou.
25Se sonde Granmèt la, Bondye nou an, ap sonde nou tankou li te sonde zansèt nou yo. Annou di l mèsi.
26Chonje tou sa li te fè Abraram pase, tout sonde li te sonde Izarak, tou sa ki te rive Jakòb nan zòn Mezopotami nan peyi Siri a, lè li t'ap gade mouton Laban, frè manman l lan.
27Kounyeya, Bondye p'ap sonde nou menm jan li te sonde yo rèd la pou wè si y'ap kenbe l fèm. Se pa tire l'ap tire revanj li sou nou. Se yon avètisman l'ap ban nou, nou menm k'ap sèvi l la, kifè l'ap frape nou konsa.
28Lè sa a, Ozyas di Jidit konsa:
— Ou byen pale. Tou sa ou di la a se verite. Pa gen moun ki ka pa dakò ak ou.
29Se pa jòdi a ou fè wè jan ou gen bon konprann. Men, depi ou te tikatkat, tout moun te konnen jan ou gen lespri, ou toujou ap bay bon konsèy.
30Men, pèp la t'ap mouri swaf dlo, se fòse yo fòse nou di yo sa nou te di yo a. Se sa ki fè nou te blije fè yon sèman nou pa ka pa kenbe.
31Tanpri, lapriyè pou nou, paske ou se yon fanm ki sèvi Bondye ak krentif. Granmèt la va voye lapli pou plen rezèvwa nou yo. Konsa nou p'ap tonbe feblès ankò.
32Jidit reponn, li di yo konsa:
— Koute sa m'ap di nou. M pral fè yon bagay pèp nou an p'ap janm bliye jouk sa kaba.
33Aswè a se pou nou tout al kanpe bò pòtay lavil la. Mwen menm, map sòti ak sèvant mwen an. Anvan jou nou te pwomèt n'ap renmèt lavil la bay lènmi nou yo, Granmèt la ap sèvi avè m pou delivre pèp Izrayèl la.
34Pa chache konnen sa m pral fè a, paske mwen p'ap di nou anyen jouk jou m'a fin fè sa m gen pou m fè a.
35Lè sa a, Ozyas ak lòt chèf yo di l konsa:
— Ale ak kè poze! Nou mande Bondye Granmèt la pou l pran devan ou pou li ka tire revanj li sou lènmi nou yo.
36Apre sa, yo sòti anba tonnèl la, yo tounen al pran pòs yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.