Travay 2 - 1998 Haitian Creole

Sentespri a vini

1Lè jou Lapannkòt la rive, yo tout te reyini Lev 23.15-21; Tra 1.14 ansanm menm kote a.

2Yo Tra 4.31 rete konsa, epi yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k'ap soufle. Li plen tout kay kote yo te chita a.

3Lè Mat 3.11 sa a, yo wè yon bann filang tou long parèt tankou lang flanm dife. Yo separe yonn ak lòt epi y'al poze yonn pa yonn sou tèt yo chak.

4Yo Tra 4.31; 10.44-46; 19.6 tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale.

5Lè Tra 13.26 sa a, te gen yon bann jwif ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm. Se te moun devwe pou Bondye ki te sòti nan tout peyi sou latè.

6Lè yo tande bri a, yon kantite ladan yo sanble. Yo tout te sezi anpil paske yo t'ap tande moun yo pale nan lang peyi yo chak.

7Yo pat manke sezi. Yo t'ap gade, yo t'ap di:

— Moun sa yo k'ap pale la a, apa moun Galile yo tout ye?

8Ki jan nou fè tande y'ap pale nan lang peyi nou?

9Nan nou la a gen moun Pat, moun Medi ak moun Elam, gen moun Mezopotami, moun Jide, moun Kapadòs, moun Pon ak moun Lazi.

10Gen moun Friji, moun Panfili, moun Lejip, moun teritwa Libi ki toupre Sirèn. Genyen ki sòti lavil Wòm.

11Nan nou gen jwif, gen moun lòt nasyon ki te konvèti nan relijyon jwif yo, gen moun ki sòti Lakrèt, gen moun Arabi tou. Ki jan nou fè tande yo ap pale lang nou, y'ap rakonte bèl bagay Bondye te fè?

12Yo tout te sezi, yo pat konn sa pou yo te kwè. Yonn t'ap di lòt:

— Sa sa vle di?

13Gen lòt moun menm ki t'ap pase yo nan rizib. Yo t'ap di:

— Moun sa yo sou.

Diskou Pyè a

14Lè sa a, Pyè kanpe ansanm ak lòt onz apòt yo, li pale byen fò, li di foul moun yo konsa:

— Nou menm moun Jide ansanm ak nou tout k'ap pase kèk jou isit lavil Jerizalèm, nou fèt pou nou konnen sa. Koute sa m pral di nou la a.

15Moun sa yo pa sou jan nou kwè a. Se nevè dimaten li ye sèlman.

16Men, Jowèl 2.28-32 sa pwofèt Jowèl te fè konnen gen pou rive a, se sa k'ap pase kounyeya:

17Men sa k pral rive nan dènye tan an:

Se Bondye menm k'ap pale:

M'ap vide Lespri m sou tout moun sou latè.

Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt.

Jenn gason nou yo va gen vizyon.

Granmoun nou yo va fè rèv.

18Wi, lè sa a, m'ap vide Lespri m sou tout sèvitè m yo,

fi kou gason,

epi y'a bay mesay ki sòti nan Bondye.

19Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la,

mwen pral fè mirak anba sou latè!

Va gen san, dife ak gwo nyaj lafimen.

20Solèy la pral vin tou nwa.

Lalin lan pral vin wouj kou san,

anvan jou Mèt la rive.

Se va yon gwo jou, yon bèl jou tou!

21Lè Wòm 10.13 sa a nenpòt moun ki va rele Bondye va delivre.

22— Nou Jan 3.2 menm moun ras Izrayèl, koute sa m pral di nou la a: Jezi, moun Nazarèt la, se Bondye menm ki te voye l, paske nou te wè tout mirak, tout bèl bagay ak tout siy Bondye te ba l pouvwa fè nan mitan nou. Sa se bagay nou tout konnen.

23Yo Tra 4.28; 1 Pyè 1.20 te lage nonm sa a nan men nou, jan Bondye te vle l la, dapre plan li te deja fè nan tèt li. Nou menm, nou fè touye l, nou fè yon bann mechan kloure l sou yon kwa.

24Men, Tra 3.15 Bondye fè l leve vivan ankò, li delivre l anba doulè lanmò a, paske se pat posib pou lanmò te kenbe l anba pouvwa li.

25Men Sòm 16.8-11 sa David te ekri sou li:

Mwen te wè Bondye, Mèt la, tout tan devan je mwen.

Paske li toujou bò kote m. Anyen pa ka brannen m.

26Se poutèt sa kè m kontan anpil,

se pawòl kontantman ase ki nan bouch mwen.

Menm kò mwen, m ap poze l avèk espwa nan Bondye.

27Paske, Tra 13.35 ou p'ap kite m kote mò yo ye a.

Ou p'ap pèmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.

28Ou fè m konnen tout chemen ki bay lavi a.

M'ap kontan nèt paske ou toujou la avèk mwen.

29— Frè m Tra 13.36; 1 Wa 2.10 yo, pèmèt mwen pale kareman ak nou. David, zansèt nou an, mouri, yo antere l. Tonm li la nan mitan nou jouk jòdi a.

30Men, Sòm 89.3,4; 2 Sam 7.12,13; Sòm 132.11 David te yon pwofèt, li te konnen sa Bondye te pwomèt la. Bondye te sèmante li t'ap fè yonn nan pitit li yo wa tankou li.

31David Sòm 16.10 te wè sa Bondye ta pral fè a. Se konsa li te di Kris la te gen pou l leve sòti vivan nan lanmò lè l di:

Yo p'ap kite l kote mò yo ye a.

Kò li p'ap tounen pouriti.

32— Bondye fè Jezi sa a leve sòti vivan. Nou tout nou temwen bagay sa a.

33Bondye Tra 1.4 fè l moute nan syèl la vin sou bò dwat li, li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la, li vide l sou nou. Enben, se sa n'ap wè, se sa n'ap tande kounyeya.

34Se Sòm 110.1 pa David ki te moute nan syèl la. Men, li te di:

Bondye te di Senyè mwen an:

Chita la sou bò dwat mwen,

35jouk tan mwen fè lènmi ou yo

tounen yon ti ban pou lonje pye ou.

36— Tout Tra 5.31 pèp Izrayèl la fèt pou konnen sa byen: Jezi, nonm nou te kloure sou kwa a, se li menm Bondye fè Senyè, se li menm Bondye fè Kris la.

37Lè Tra 16.30 pèp la tande pawòl sa yo, yo santi kè yo boulvèse. Yo mande Pyè ansanm ak lòt apòt yo:

— Frè nou yo, kisa pou nou fè?

38Pyè Tra 3.17-19; Lik 24.47 reponn yo:

— Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a.

39Paske Jowèl 2.32; Eza 57.19 pwomès la, Bondye fè l pou nou, pou pitit nou yo, pou tout moun ki byen lwen, pou tout moun Bondye, Mèt nou, va rele vin jwenn li.

40Pyè Det 32.5; Fil 2.15 t'ap di yo anpil lòt pawòl ankò pou l te fè yo kwè, pou l te ankouraje yo. Li t'ap di yo konsa:

— Sove tèt nou. Wete kò nou nan mitan moun pèvèti sa yo.

41Anpil Tra 4.4; 5.14 ladan yo te kwè sa Pyè t'ap di a, yo te resevwa batèm. Jou sa a, te gen twamil (3.000) moun konsa ki te mete tèt yo ansanm ak disip yo.

42Yo Tra 20.7 pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè.

43Tout moun te gen krentif devan kantite mirak ak bèl bagay apòt yo t'ap fè.

44Tout Tra 4.32 moun ki te kwè yo t'ap viv ansanm yonn ak lòt. Yo te mete tou sa yo te genyen ansanm.

45Yo vann tè yo ak tout byen yo, yo separe lajan an pami yo tout, dapre nesesite chak moun.

Jan premye disip yo t'ap viv

46Toulejou, Tra 2.42 yo tout reyini ansanm nan tanp lan. Yo te konn separe pen an bay tout moun nan kay yo, yo te manje ansanm avèk kè kontan san okenn pretansyon.

47Yo Tra 4.4; 5.14; 11.21; 14.1 t'ap fè lwanj Bondye. Tout moun te renmen yo. Chak jou Bondye t'ap mete lòt moun li t'ap delivre yo nan gwoup la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help