Levitik 1 - 1998 Haitian Creole

Sakrifis bèt pou Senyè a

1Senyè a rete nan Tant Randevou a, li rele Nonb 12.4,5 Moyiz, li di l konsa:

2— W'a Lev 22.18,19 pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo:

Lè yon moun vle fè Senyè a yon ofrann, si se yon bèt li vle ofri, l'a ofri yon bèf osinon yon kabrit ou ankò yon mouton la pran nan bèt li yo.

3Si Lev 3.1; 22.20; Det 15.21 se yon gwo bèt li vle ofri pou yo boule pou Senyè a, l'a mennen yon towo bèf ki pa gen okenn enfimite. L'a vin avè l jouk devan pòt Tant Randevou a pou Senyè a ka asepte l.

4L'a Egz 29.10; Lev 4.4,20; 8.14; Nonb 15.25 mete men l sou tèt bèt l'ap ofri a pou Bondye ka asepte l tankou yon ofrann l'ap fè pou mande Bondye fè li gras.

5L'a Lev 3.8 touye towo a la devan Senyè a. Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va pran san an pou yo ofri l bay Senyè a. Lèfini, y'a voye san an sou kat bò lotèl ki toupre pòt Tant Randevou a.

6Apre sa, y'a kòche towo a, y'a koupe l an moso.

7Pitit Jen 22.9 sakrifikatè Arawon yo va limen dife sou lotèl la, y'a mete bwa nan dife a.

8Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va mete moso vyann yo ansanm ak tèt la ak moso grès yo sou dife ki sou lotèl la.

9Moun Jen 8.21; Egz 29.18; Lev 2.9 k'ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye yo. Lèfini, prèt yo va ofri yo bay Senyè a. Konsa y'a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la.

Se yon sakrifis bèt yo boule nèt pou Senyè a, bon sant li fè Senyè a plezi.

10Si se yon ti bèt moun lan vle ofri pou boule nèt pou Senyè a, l'a ofri yon ti bouk kabrit osinon yon belye mouton ki pa gen okenn enfimite.

11L'a touye l sou bò nò lotèl la, devan Senyè a. Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va voye san an sou kat bò lotèl la.

12Lèfini, nonm lan va koupe l an moso. Prèt yo va mete tout moso yo ansanm ak tèt la ak moso grès yo sou dife ki sou lotèl la.

13Moun k'ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye yo. Apre sa, prèt yo va ofri yo bay Senyè a. Konsa, l'a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la.

Se yon sakrifis bèt yo boule nèt pou Senyè a, bon sant li fè li plezi.

14Si Lev 5.7; 12.8; Lik 2.24 se zwazo nonm lan ap ofri pou yo boule pou Senyè a, se va toutrèl osinon pijon.

15Prèt Lev 5.8 la va pran zwazo a, l'a pote l bò lotèl la, l'a peze bèk li, l'a tòde kou l pou l touye l. Y'a boule tèt la sou lotèl la, y'a fè san li koule sou kat bò lotèl la.

16L'a Lev 6.10 rache fal zwazo a ak tout plim li sou li. L'a jete l bò lotèl la, sou bò solèy leve, kote yo mete sann dife a.

17Apre Jen 15.10 sa, l'a bay yon kout kouto nan mitan de zèl yo, l'a kenbe zèl yo, l'a louvri zwazo a fè de katye san li pa detache zèl yo. Lèfini, prèt la va boule li nèt sou dife ki sou lotèl la.

Se yon sakrifis bèt yo boule nèt pou Senyè a, bon sant li fè li plezi.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help