1Bondye pran pale, li di:
2— Se mwen menm, Senyè a, Bondye Det 5.22; Jan 1.17 nou Det 5.6-21 an, Egz 13.3; Lev 26.13; Sòm 81.10 ki te fè nou sòti nan peyi Lejip kote nou te esklav la.
3Piga 2 Wa 17.35; Jer 25.6 nou gen lòt bondye pase mwen menm selman.
4Piga Lev 26.1; Det 4.16-18; 27.15 nou janm fè okenn estati ni okenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la, osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a.
5Piga Egz 23.33; 34.7,14; Nonb 14.18; Det 4.24; Joz 24.19; Sòm 109.14; Na 1.2 nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m, mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
6Men, Det 7.9; Jer 32.18 lè yon moun renmen m, lè li fè sa m mande l fè, m'ap moutre l jan mwen renmen l tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil generasyon.
7Piga Lev 19.12 nou sèvi mal ak non Senyè a, Bondye nou an, paske Senyè a p'ap manke pa pini moun ki sèvi mal avèk non li.
8Toujou Lev 19.3,30 chonje jou repo a pou nou mete l apa pou mwen.
9N'a Egz 34.21; 35.2; Lik 13.14 travay sis jou. Lè sa yo n'a fè tou sa nou gen pou fè.
10Men, Jen 2.2,3; Egz 16.26; Ney 13.16-19 setyèm jou a, se jou repo pou nou mete apa pou Senyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè okenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni moun k'ap travay lakay nou, ni bèt nou yo, ni etranje ki lakay nou.
11Paske, Det 5.15; Eb 4.4 Senyè a te pran sis jou pou l fè syèl la, latè a ak lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan yo. Apre sa, sou setyèm jou a, li pran repo. Se poutèt sa, Senyè a beni jou repo a, li mete l apa pou li.
12Respekte Lev 19.3; Mat 15.4; 19.19; Ef 6.2,3 manman Mat 19.18,19; Wòm 13.9 nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ban nou an.
13Piga Det 5.17; Mat 5.21; 19.18; Jak 2.11 nou fè zak asasinay.
14Piga Lev 18.20; Det 5.18; Mat 5.27; 19.18; Wòm 13.14; Jak 2.11 nou fè adiltè.
15Piga Lev 19.11; Det 5.19; Wòm 13.9 nou vòlò moun sove ak yo.
16Piga Det 5.20; Mat 19.18 nou bay manti sou frè parèy nou.
17Piga Det 5.21; Pwo 6.25; Mi 2.2; Wòm 7.7; 13.9; Ef 5.3 nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k'ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou okenn lòt bagay ki pou frè parèy nou.
18Lè Egz 19.16,18; Eb 12.18 pèp la tande bri loray la ak son twonpèt la, lè yo wè kout zeklè sou kout zeklè, ak mòn lan ki t'ap pouse lafimen, yo tranble sitèlman yo te pè. Yo ret kanpe byen lwen.
19Yo Det 5.27; Eb 12.19 di Moyiz konsa:
— Pito se ou menm ki pale ak nou, n'a koute sa w'ap di. Men, si se Bondye ki pou pale avèk nou, n'a mouri.
20Moyiz Det 4.10; Pwo 3.7 di pèp la:
— Nou pa bezwen pè. Bondye vini pou wè kote nou ye avèk li. Li vle pou nou toujou gen krentif pou li, pou nou pa lage kò nou nan fè peche.
21Men pèp la rete kanpe byen lwen. Sèl Moyiz te pwoche kote nyaj nwa a kote Bondye te ye a.
Regleman sou lotèl yo22Senyè a di Moyiz:
— Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Nou wè ki jan mwen ret nan syèl la pou m pale ak nou.
23Piga n'al fè lòt bondye an ajan osinon an lò pou nou sèvi yo ansanm avè m.
24N'a Jen 12.2; Det 12.5,11; 1 Wa 8.29 bati yon lotèl an tè pou mwen. Se sou li n'a ofri bèt n'a touye pou boule nèt yo ak bèt n'a touye pou di mèsi. Se sou li n'a ofri mouton ak bèf nou yo. Chak kote m'a di nou pou nou fè sèvis pou mwen, m'a vin jwenn nou la, m'a beni nou.
25Si Det 27.5,6; Joz 8.31 nou fe yon lotèl ak wòch pou mwen, pa travay wòch n'a pran pou fè l la. Paske lè ou travay yon wòch ak sizo, li pa ka sèvi pou mwen ankò.
26Piga nou sèvi ak macheskalye pou nou moute sou lotèl mwen pou moun pa wè anba rad nou.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.