Sòm 128 - 1998 Haitian Creole

SÒM 128 (127)Sa bon nèt pou obeyi Senyè a(1a) Se Sòm 112.1; Pwo 8.32 yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm.

1(1b) Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Senyè a,

ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan!

2Avèk Eza 3.10 travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje,

w'ap kontan, zafè ou ap mache byen.

3Madanm Sòm 52.8; Eze 19.10 ou ap tankou yon pye rezen k'ap donnen anndan kay ou.

Pitit gason ou yo ap tankou jenn ti plan oliv tout arebò tab ou.

4Se konsa Senyè a ap beni moun ki gen krentif pou li!

5Se Sòm 134.3 pou Senyè a rete sou mòn Siyon an pou l beni ou!

Mwen mande l pou l fè ou wè lavil Jerizalèm rete kanpe jouk jou ou mouri.

6Mwen Jen 50.23; Sòm 125.5; Pwo 17.6 mande l pou l fè ou wè pitit pitit ou yo!

Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help