Kantik 3 - 1998 Haitian Creole

1Pandan plizyè nwit, m kouche sou kabann Kan 1.7; 5.6; Eza 26.9 mwen,

m chache moun mwen renmen anpil la.

M chache l, mwen pa jwenn li.

2Apre sa, mwen leve, mwen pran mache nan tout lavil la,

m chache moun mwen renmen an

nan tout lari, sou tout laplas yo.

M chache l, mwen pa jwenn li.

3Gad Kan 5.7 k'ap fè patouy nan vil la kontre avè m'.

Mwen mande yo:

Souple! Nou pa wè mesye mwen pou mwen, Mesye mwen renmen an wi?

4Kite Kan 8.2 mwen kite gad yo,

mwen jwenn moun mwen renmen an.

Mwen kenbe men l.

Mwen pa lage l jouk mwen mennen l kay manman m,

nan chanm moun ki te pote m nan vant li an.

Gason an:

5Nou Kan 2.7 menm, medam lavil Jerizalèm,

Tanpri, tanpri souple!

Fè m' sèman sou tèt gazèl bèf, Sou tèt fenmèl kabrit ki lage nan savann yo.

Pa deranje anmourèz mwen lè l'ap dòmi.

Pa reveye li anvan lè.

Twazyèm chanteSanba yo:

6Kisa Kan 8.5 k'ap vini sot nan dezè a?

L'ap vini nan mitan de poto lafimen.

Lè a gen sant lansan, li gen sant mant,

li gen sant tout kalite poud santi bon machann vann.

7Gade! Se yon kabann divan y'ap pote pou Salomon.

Gen swasant sòlda k'ap eskòte l,

swasant nan pi vanyan sòlda peyi Izrayèl la.

8Yo tout gen anpil ladrès pou sèvi ak nepe.

Se vyewo yo ye nan lagè.

Yo chak gen nepe yo mare nan ren yo.

Yo tou pare pou si yo ta atake yo lannwit.

9Wa Salomon fè fè yon bèl divan sou branka pou li

ak pi bon bwa peyi Liban,

10Poto kwen yo fèt ak lajan.

Tèt divan an kouvri ak lò.

Matla a kouvri ak bèl twal kramwazi,

Tout anndan an bwode.

Se medam Jerizalèm yo ki, ak tout kè yo, fè li pou li.

11Sòti Eza 3.16; 62.5 non, medam mòn Siyon yo!

Vin wè wa Salomon

ak kouwòn manman l te mete soutèt li

jou maryaj li,

jou kè l te kontan anpil la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help