Lamantasyon 4 - 1998 Haitian Creole

Ala tèt chaje pou pèp la!

1Gade jan bon lò pa klere ankò!

Li Eza 1.22 chanje, li pèdi kalite li!

Gade jan wòch Tanp yo gaye nan tout lari!

2Nan Jer 19.11 tan lontan nou pa ta bay moun peyi Siyon yo

pou pi bon lò ki genyen.

Gade! Kounyeya, yo pa vo pase krich tè moun fè ak men.

3Ata manman chat mawon bay pitit yo tete.

Men, pèp mwen an mechan tankou otrich k'ap viv nan dezè.

Yo pa pran swen pitit yo.

4Lang Sòm 22.15 ti bebe yo kole nan palèt yo,

sitèlman yo swaf dlo.

Timoun yo ap kriye pou manje.

Pa gen pesonn pou fè yo pote men nan bouch.

5Moun 2 Sam 1.24 ki te konn manje bon manje gou

ap tonbe faya nan lari.

Moun ki te elve nan gran kay

ap chache manje nan fatra.

6Peche Jen 19.25; Mat 10.15; Jid 7 lavil Jerizalèm pi gwo pase peche lavil Sodòm,

ki te rete konsa Bondye disparèt li.

7Nazirit Nonb 6.2 nou yo te san repwòch.

Pi bon pase yo pat genyen.

Yo te anfòm, yo te grannèg.

Yon bèl san wouj t'ap koule nan venn yo!

8Kounyeya, se Jòb 30.30 lonbray yo ase ki la. Yo fini.

Pèsonn pa rekonèt yo nan lari.

Po yo chèch tankou kòs bwa,

yo tounen zo ak po.

9Moun ki mouri nan lagè pi bon pase

moun ki mouri grangou.

Y'ap depafini jouk yo mouri.

Yo pa jwenn anyen pou yo manje.

10Manman Det 28.57; 2 Wa 6.29; Eza 49.15; Jer 19.9 ki te renmen pitit yo anpil,

kounyeya, yo kwit yo pou yo manje.

Lè malè a tonbe sou pèp mwen an,

se sa yo fè pou yo pa mouri grangou.

11Senyè a Jer 17.27; Eze 5.13 fache nèt.

Li limen yon sèl kalite dife nan lavil Siyon.

Li boule l ratè.

12Pèsonn Eza 53.1 sou latè, pa menm wa peyi sou latè yo, pat vle kwè

yon jou, moun ki pa vle wè pèp Bondye a

ta antre nan pòtay lavil Jerizalèm!

13Men, Jer 5.31 tou sa rive paske pwofèt li yo

ak prèt li yo te peche.

Yo te lakòz anpil moun ki mache dwat

pèdi lavi yo mal.

14Y'ap Nonb 19.16; Eza 59.10 mache nan lari tankou moun avèg.

Yo bade ak san. Pèsonn pa gendwa manyen rad yo.

15Kote Lev 13.45 yo pase moun ap rele: Wete kò nou la!

Nou pa pwòp! Pa pwoche! Pa manyen m!

Se konsa y'ap plede kouri sot nan yon peyi al nan yon lòt.

Pèsonn pa vle resevwa yo.

16Senyè a Eza 24.2 pa vle wè yo ankò, se li menm ki gaye yo konsa.

Li pa gen konsiderasyon ni pou pè yo ni pou chèf yo.

17Je Jer 3.23; 37.7,8 nou wouj afòs nou kriye.

N'ap tann yon sekou ki pa janm vini.

M'ap veye tann yon nasyon

ki pa ka fè anyen pou delivre nou.

18Lènmi Eze 7.2,3,6; Am 8.2 ap veye kote nou prale.

Nou pa menm gendwa sòti nan lari.

Jou lanmò nou rive.

Sa ki rete pou nou mouri a pa anyen.

19Moun Jer 4.13; Aba 1.8 ki t'ap kouri dèyè nou yo te pi rapid

pase malfini k'ap plonje dèyè poul.

Y'ap kouri dèyè nou nan tout mòn yo.

Yo tann pèlen pou nou nan tout dezè a.

20Moun 2 Wa 25.5,6; Lam 2.9; Eze 19.4,8; 31.6,17 Senyè a te chwazi a,

li menm ki tout souf lavi nou,

li menm nou te konprann ki ta ka toujou pwoteje nou pou lòt nasyon pa anvayi nou,

yo pran l, yo mete l nan prizon!

21Nou Jer 25.15,16 menm, moun peyi Edon ki rete lavil Ouz, nou mèt fè kè nou kontan, nou mèt fè fèt!

Tou pa nou dèyè, tande!

Jou sa a, nou pral titibe toutouni nan tout lari.

22Nou Eza 40.2; Abd 10 menm, moun lavil Siyon,

nou fin peye pou peche nou yo.

Bondye ap sispann pini nou!

Men, nou menm moun Edon, Senyè a pral pini nou pou peche nou yo.

L'ap denonse tou sa nou fè ki mal.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help