Kantik 4 - 1998 Haitian Creole

Gason an:

1Ala bèl ou bèl, anmourèz mwen!

Ala bèl ou Tete Kan 7.3 ou yo doubout tankou de ti gazèl,

tankou de ti gazèl menm fòs, menm pòte

k'ap manje nan jaden flè.

6M'ap Kan 2.17 rete sou mòn mant lan,

sou ti bit lansan an

jouk bajou kase,

jouk solèy leve.

7Ou Kan 5.2; Ef 5.27 pa manke bèl, anmourèz mwen!

Depi nan pwent zòtèy ou jouk nan pwent cheve ou,

ou san defò!

8Ann Det 3.9; 1 Kwo 5.23 al avè m non! Ann desann mòn Liban an, fyanse mwen!

Ann desann mòn Liban an!

N'ap rete sou tèt mòn Amana,

sou mòn Seyi ak sou mòn Emon

kote lyon ak leyopa rete,

n'ap gade plenn lan anba.

9Sò Kan 5.1 mwen, bèl negès mwen,

ou annik gade m yon fwa, ou fè m pèdi lòlòj mwen.

M annik wè yonn nan bèl ti chenn nan kou ou yo,

m pèdi tèt mwen.

10Ala Kan 1.2-4 dous karès ou dous,

mennaj mwen, bèl nègès mwen!

Karès ou pi dous pase siwomyèl.

Ou santi pi bon lontan pase pi bon fèy santi bon.

11Bouch Pwo 5.3; Oze 14.6 ou bay gou siwolòja,

bèl cheri mwen!

Lang ou menm, se lèt ak siwomyèl.

Sant rad sou ou, se lodè jasmen ki gaye sou mòn Liban.

12Mennaj Jen 29.3; Pwo 5.15 mwen, bèl negès mwen,

Ou tankou yon jaden kache,

Yon sous dlo yo fèmen dèyè miray,

Yon fontèn anba kle.

13Ou tankou yon jaden fre kote pye grenad ap grandi.

Y'ap bay bèl grenad byen dous.

Ou tankou yon jaden kote yo jwenn jasmen ak ti bonm,

14tibonm ak safran,

sitwonèl ak kannèl

ak tout kalite pyebwa ki bay lansan,

lami ak lalwa,

ansanm ak tout kalite plant ki gen bon sant.

15Fontenn Jan 4.10 jaden mwen an,

se yon sous dlo k'ap koule desann byen fre

sòti nan mòn Liban an.

Fi a:

16Van Kan 6.2 nòde, leve non!

Van siwa, kouri vin soufle sou jaden mwen an non!

Plen lè a ak bon sant!.

Vini non, mennaj mwen!

Antre nan jaden ki pou ou a!

Manje pi bon fwi yo!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help