Jidit 11 - 1998 Haitian Creole

Jidit devan Olofèn

1Olofèn di Jidit konsa:

— Konfyans, madanm! Ou pa bezwen pè, paske mwen p'ap leve men m sou moun ki sòti pou sèvi Nebikadneza, wa tout latè a.

2Men, pou moun pa ou yo ki rete nan mòn yo, si yo pa te pran m pou anyen, mwen pa ta janm leve vin atake yo. Men, se yo menm ki rale tout malè sa yo sou tèt yo.

3Atòkile, manyè di m poukisa ou kouri kite yo vin jwenn nou. Paske si ou vin la a, se delivrans w'ap chache. Konfyans, tande! Ou p'ap mouri ni aswè a ni apre sa,

4paske pa gen pèsonn k'ap fè ou anyen. Tout moun pral aji byen avè ou, jan yo toujou fè l ak moun k'ap sèvi mèt mwen an, wa Nebikadneza.

5Jidit reponn li:

— Tanpri, tande pawòl k'ap sòti nan bouch esklav ou. Kite moun k'ap sèvi ou la pale devan ou, mèt mwen. Mwen p'ap ba ou manti aswè a.

6Si ou fè tou sa m'a di ou fè a, Bondye va fè ou jwenn sa w'ap chache a, tout bagay va mache byen pou ou.

7Paske mwen fè sèman devan ou, nan non Nebikadneza, wa tout latè a ki vivan, nan non pouvwa li, li menm ki voye ou pou mete tout bagay nan lòd, avèk ou menm non sèlman tout moun pral sèvi Nebikadneza, men tout bèt nan bwa, tout bèt nan jaden ak tout zwazo nan syèl pral viv pou Nebikadneza ak pou moun lakay li yo. Tou sa, gremesi fòs kouray ou a.

8Nou pran nouvèl jan ou gen bon konprann, jan ou gen bon lespri. Yap mache di toupatou sou latè jan se ou menm ase ki bon nan tout peyi wa a, se ou menm ase ki fò anpil nan zafè konesans epi k'ap fè mèvèy nan lagè. Pa gen tankou ou.

9Enben, nou konnen pawòl Akyò te di nan reyinyon chèf ou yo, paske moun lavil Betoulya yo pa touye l. Se li menm ki rapòte yo tou sa li te di devan ou.

10Se poutèt sa, ou menm mèt mwen ki fè sa ou vle, pa voye pawòl li yo jete. Pran yo pou pawòl serye, pou pawòl konsekan, paske se vre wi sa li te di ou la. Pèsonn pa ka leve men sou nou, pèsonn pa ka kraze nou nan lagè si nou pa fè peche kont Bondye nou an.

11Enben, ou menm ou p'ap kouri devan yo, w'a ka fè sa ou vle fè a, paske lanmò pral tonbe sou yo. Yo lage kò yo nan fè peche, kifè Bondye fache sou yo anpil tankou sa rive chak fwa yo pèdi chemen yo.

12Yo gentan fin manje tout pwovizyon yo te sere. Pou dlo menm, yo manke sa anpil. Se konsa yo deside pou yo touye bèt, lèfini pou yo manje vyann Bondye te ba yo lòd pa manje.

13Yo sòti pou yo manje premye grap ble yo, ak pòsyon ladim diven ak lwil yo te ofri bay Bondye, bagay yo te sere apa pou prèt k'ap fè sèvis Bondye nan lavil Jerizalèm yo. Bagay sa yo se ofrann pèp la pa gen dwa ata manyen ak men yo, ale wè pou yo ta manje yo.

14Moun lavil Jerizalèm yo deja fè sa tou, se poutèt sa moun lavil Betoulya yo voye bò kote Gran Konsèy la lavil Jerizalèm al mande pèmisyon pou yo ka fè menm bagay la tou.

15Lè y'a resevwa pèmisyon an, y'a tanmen fè sa yo pa te dwe fè a. Se jou sa a Bondye ap lage yo nan men ou pou ou fini nèt ak yo.

16Se poutèt sa, mwen menm k'ap sèvi ou la, tande mwen tande sa, mwen kouri kite yo. Bondye voye m pou fè ansanm avè ou bagay ki pral fè tout moun sou latè tonbe sezisman lè y'a pran nouvèl la.

17Mwen menm, esklav ou, se moun ki gen krentif anpil pou Bondye. Lajounen kou lannuit m'ap lapriyè nan pye l. Se pou sa depi kounye a, se bò kote ou, mèt mwen, m'ap rete. Men, chak nwit m'ap sòti al bò ravin lan pou m ka lapriyè Bondye. Konsa, Bondye va fè m konnen lè moun sa yo va fè sa yo pa dwe fè a.

18Tounen mwen tounen, m'a fè ou konnen. Lè sa a, w'a sòti ak tout lame ou la. P'ap gen yonn nan moun sa yo ki ka kenbe avè ou.

19Apre sa, m'a moutre ou chemen pou ou pran nan peyi Jide jouk w'a rive lavil Jerizalèm kote m'a mete ou chèf nan mitan pèp la. W'a gaye moun lavil Jerizalèm yo tankou yo gaye bann mouton san gadò. Pap menm gen chen pou gwonde sou ou. Nan bon tèt mwen, se bagay Bondye fè m konnen, bagay li fè m wè menm, lèfini li voye m vin di ou sa.

20Pawòl sa yo te fè Olofèn ak chèf li yo plezi, yo ret gaga devan bon konprann Jidit la. Yonn t'ap di lòt konsa:

21— Nanpwen kote sou latè nou ka jwenn yon fanm ki pi bèl, ki gen plis lespri nan pawòl li pase l.

22Olofèn di Jidit konsa:

— Bondye konn sa l'ap fè lè li voye ou pran devan pèp la, konsa pouvwa ap vin nan men nou. Men, moun sa yo ki te pran pawòl mèt mwen an pou anyen an pral peri.

23Ou menm, ou gen bèl figi, lèfini pou pale ou konn jan pou ou pale. Si ou fè tou sa ou pwomèt fè a, Bondye ou la ap Bondye pa m tou. Lèfini, se nan palè Nebikadneza a menm ou pral rete. Se toupatou sou latè yo pral nonmen non ou.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help