Sajès 2 - 1998 Haitian Creole

1Nan move kalkil yo, yonn ap di lòt:

— Lavi nou kout, li plen lapenn.

Epi, lè lè a rive pou nou mouri, pa gen rechap.

Nou pa konnen pèsonn ki janm tounen sòti nan peyi kote mò yo ye a.

2Se chans ki fè nou fèt.

Apre nou fin viv, se va tankou si nou pa te janm fèt.

Souf nou pa plis pase yon lafimen.

Lide nan tèt nou pa plis pase yon tensèl dife kè nou fè lè l'ap bat.

3Mouri tensèl la mouri, kò a tounen sann,

epi souf la gaye tankou van ou pa ka kenbe.

4Apre kèk tan, y'ap bliye ata non nou.

Pèsonn p'ap chonje sa nou te fè.

Lavi nou ap pase tankou nyaj yo, san kite okenn tras.

L'ap disparèt tankou vapè lè solèy la klere,

lè chalè solèy la bat sou yo.

5Wi, ti tan n'ap fè sou latè a tankou yon lonbray k'ap pase.

Wè pa wè, nou gen pou n mouri.

Dat lanmò nou fikse. Pèsonn pa ka ranvwaye jou lanmò li.

6Mechan yo di ankò:

— Annou wè! Ann jwi tout bagay lavi yo!

Ann pran plezi nou ak tout bagay tankou lè nou te jenn, san gad dèyè!

7Ann bwè bon diven koute chè jouk nou sou!

Ann mete bon odè sou nou!

Pa kite okenn flè pase nan sezon prentan an.

8Anvan yo fennen, ann koupe yo fè kouwòn mete sou tèt nou.

9Se pou nou tout vin nan gwo fèt babako plezi sa a.

Kote nou pase n'ap kite renmak gwo fèt nou an.

Se sa lavi sere pou nou.

Se sò sa a yo kite pou nou.

10Ann toupizi pòv malere yo atout yo mache dwat la!

Fòk nou pa fè pa fanm vèv yo.

Nou pa bezwen respekte vye granmoun cheve blan yo.

11Se fòs nou k'ap ban nou rezon,

paske lè ou fèb sa p'ap rapòte ou anyen.

12Annou pare pèlen pou moun k'ap mache dwat yo,

paske yo jennen nou, yo enpoze nou fè sa nou ta vle fè!

Y'ap repwoche nou dèske nou pa mache dapre lalwa,

y'ap akize nou dèske nou pa mache dapre levasyon yo ban nou an.

13Yo pretann di yo konnen Bondye.

Yo rele tèt yo pitit Granmèt la.

14Nou pa ka sipòte wè yo devan je nou,

paske prezans yo kont pou kondannen ata lide k'ap travay nan tèt nou.

15Yo pa viv tankou lòt moun.

Yo gen yon bann mès dwòl y'ap swiv.

16Yo pran nou pou bagay ki gate.

Yo kouri pou nou tankou pou malpwòpte.

Yo deklare bout pou bout se moun ki mache dwat yo k'ap jwenn bonjan lavi a.

Y'ap fè grandizè, y'ap mache di se Bondye ki papa yo.

17Annou gade wè si sa yo di a se vre!

Annou egzaminen ki jan lavi yo ap fini!

18Si moun ki mache dwat la se pitit Bondye li ye vre,

Bondye gen pou vin delivre l.

L'ap wete l anba men moun ki pa vle wè l yo.

19Enben, ann sonde li! Annou joure l byen joure!

Ann maltrete l! Konsa n'a wè si l'ap rete kèpòpòz,

n'a wè jouk kibò l'a gen fyèl pou kenbe.

20N'ap kondannen li pou li mouri yon jan k'ap fè li wont.

Paske, dapre sa l'ap plede di, Bondye gen pou vin pran pou li.

Mechan yo pike deyò

21Se lide konsa k'ap travay nan tèt mechan yo, men yo pike deyò.

Mechanste fè yo pa wè nan je yo.

22Yo pa konnen sekrè plan travay Bondye a.

Pou yo, pa gen rekonpans k'ap tann moun k'ap sèvi Bondye.

Yo pa kwè gen rekonpans pou moun k'ap fè sa Bondye mande.

23Wi, Bondye fè moun pou yo pa janm mouri.

Li fè yo pòtre avè l.

24Se paske Satan te anvye sò moun kifè li lakòz lanmò antre sou latè.

Moun ki fè yonn ak Satan se yo menm ki pral mouri.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help