Jòb 33 - 1998 Haitian Creole

1Atòkile, Jòb, tanpri, koute sa m'ap di ou.

Louvri zòrèy ou byen pou ou tande m.

2M pare pou m di dènye sa ki vin nan bouch mwen.

3M pral di tou sa ki nan kè m.

Se verite a tou senp mwen pral pale.

4Se Jen 2.7; Eze 37.9; Tra 17.25 lespri Bondye a ki fè m.

Se souf Bondye ki gen tout pouvwa a ki ban m lavi.

5Si Jòb 23.4 ou kapab, w'a reponn mwen.

Pare kò ou. Pran pozisyon batay ou avè m.

6Ou Jòb 4.19 menm avè m, devan Bondye nou tout se menm.

Nou tou de, se ak labou li fè nou.

7Ou Jòb 9.34; 13.21; 23.2 wè! Ou pa bezwen pè m!

Mwen pa ka fè ou anyen!

8Mwen te tande ou ak de zòrèy mwen.

Ki jan ou fè ka di:

9Mwen Jòb 13.18; 27.5; 29.14 menm, mwen inonsan.

M pa fè okenn peche!

M pa gen anyen sou konsyans mwen.

10Men, Jòb 13.24 se Bondye ki pretann mwen ba l jwenn pou l atake m.

Se li menm k'ap aji avè m tankou si mwen te lènmi l.

11Li Jòb 13.27 mete de pye m nan sèp.

L'ap veye tou sa m'ap fè.

12La a, Jòb monchè, m'ap reponn ou: Ou antò.

Paske Bondye pa kanmarad moun.

13Poukisa Jòb 9.12; 40.2 w'ap chache Bondye kont konsa?

Se paske li pa reponn lè w'ap plenyen nan pye l?

14Bondye 1 Sam 3.4,6; Jòb 33.29; Sòm 62.11 pale divès jan.

Men, pèsonn pa okipe sa l'ap di.

15Lè Nonb 12.6; Jòb 4.13; Sòm 17.3 moun kouche nan kabann yo, lè yo fon nan dòmi lannwit,

Bondye pale ak yo nan rèv, nan vizyon.

16Li 1 Sam 9.15; Jòb 36.10,15; Sòm 40.6; Eza 50.5 fè yo konnen sa li gen pou l di yo.

Li ba yo avètisman pou yo mache sou piga yo.

17Li vle pou yo kite move chemen y'ap swiv la,

pou yo pa kite lògèy vire tèt yo.

18Konsa, Jòb 36.12 yo p'ap mouri.

Y'a sove lavi yo.

19Bondye Jòb 30.17 avèti moun tou lè li voye maladi sou yo.

Li ba yo doulè nan tout kò yo.

20Li Sòm 107.18 bay yo degoutans manje.

Yo pèdi anvi manje menm lò manje a gou.

21Y'ap Sòm 22.17 depafini, tout moun wè jan y'ap vin mèg.

Tout zo nan kò yo grinyen.

22Sa ki rete pou yo mouri a,

pou y'ale nan peyi san chapo a pa anyen.

23Lè Jen 16.7; 22.11; 42.23; 48.16; Sòm 34.7; Eza 43.27; Mal 3.1 sa a, yon zanj Bondye ka vin bò kote l,

yonn nan milyonven zanj Bondye yo

ki la pou fè moun chonje devwa yo.

24Zanj lan va gen pitye pou li. La di Bondye:

— Tanpri, pa kite l mouri. M'ap peye pou sove lavi li.

25Kò 2 Wa 5.14 li va refè, la vin fre tankou lè l te jenn.

26Li 2 Sam 12.13; Jòb 22.27; Sòm 17.15; Lik 15.21-24; 1 Jan 1.9 lapriyè Bondye, Bondye reponn li.

L'al adore Bondye ak kè kontan.

Bondye padonnen l devan tout moun.

27L'ap Wòm 6.21 mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di:

— Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal.

Men, Bondye pa fè m peye pou sa m te fè a.

28Li Eza 38.17 egzante m lanmò.

Li ban m lavi ankò.

29Men Jòb 33.14 tou sa Bondye ap fè,

de fwa, twa fwa pou lèzòm,

30pou l Sòm 56.13 pa kite yo mouri,

pou l ba yo lavi ak kè kontan.

31Kounyeya, Jòb, louvri zòrèy ou! Koute byen sa m'ap di!

Pe bouch ou la! Kite m fin pale!

32Men, Jòb 34.33 si ou gen kichòy ou vle di, pale. M'ap koute ou.

Paske mwen ta vle ba ou rezon.

33Osinon, pe bouch ou, koute m pito!

Kite m moutre ou sa ki rele gen bon konprann.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help