1(2) Bondye, Sòm 78.61 se ou ki Bondye mwen.
Jan manvi wè ou! Jan m'ap tann ou sa a!
Se tout kò m k'ap mande pou ou,
tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli.
2(3) Fè m antre kote ki apa pou ou nan kay ou a pou m wè ou,
pou m wè jan ou gen pouvwa, jan ou merite pou yo fè lwanj ou.
3(4) Renmen Sòm 28.2; 104.33 ou gen pou nou an pi bon pase lavi.
Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou.
4(5) Konsa Sòm 36.8 ma pase tout lavi m ap di ou mèsi.
Se ou menm sèlman m'a lapriyè.
5(6) M'ap Sòm 42.8; 119.148 fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l.
Wi, se konsa kè m ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m fè lwanj ou.
6(7) Lè m Sòm 17.8 kouche sou kabann mwen, lide m ap travay sou ou.
Tout lannwit se ou m'ap kalkile.
7(8) Paske Nonb 14.24; Sòm 41.12 se ou ki tout sekou m,
m'ap rete kache anba zèl ou, m'ap chante sitèlman mwen kontan.
8(9) Mwen Sòm 55.15; Eze 31.14; Ef 4.9 kole kò m sou ou,
se pouvwa ou k'ap soutni mwen.
9(10) Men, moun k'ap chache touye m yo,
yo gen pou yo desann kote mò yo ye a.
10(11) Yo Det 6.13; Jòb 5.16; Sòm 107.42; Eza 65.16 gen pou yo mouri nan lagè,
chen mawon gen pou manje kadav yo.
11(12) Men, Bondye ap fè kè wa a kontan.
Tout moun ki mete non l devan va gen kè kontan tou.
Men, y'ap fèmen bouch moun k'ap bay manti yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.