Jeremi 6 - 1998 Haitian Creole

Malè pandye sou Jerizalèm

1Nou menm moun branch fanmi Benjamen Men Jer 25.32; 50.41-43 sa Senyè a di ankò:

— Moun ap sòti nan yon peyi bò nan nò.

Yon gwo pèp byen lwen ap pare pou fè lagè.

23Yo pran banza yo ak frenn yo.

Yo mechan anpil. Se yon bann san manman.

Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l move.

Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè

kont lavil Jerizalèm, sou mòn Siyon an.

24Moun Eza 13.8; Jer 38.4; Eze 7.17; 21.7 lavil Jerizalèm yo ap di:

— Nou pran nouvèl la. De bra nou kase, kè nou sere.

N'ap soufri tankou yon fanm ki gen tranche.

25Piga Jòb 18.11; Sòm 31.13; Jer 20.3; Lam 2.22 pèsonn sòti al nan jaden.

Piga pèsonn al mache sou granchemen yo,

paske lènmi nou yo gen zam nan men yo.

Kote moun pase yo pè.

26Senyè a Jer 4.8; 25.34; Lam 3.16; Am 8.10; Zak 12.10 pale ak pèp li a, li di l:

— Mete rad sak sou nou. Woule kò nou nan sann dife.

Se pou nou gen lapenn tankou si nou te pèdi sèl pitit gason nou te genyen.

Se pou nou plenn ak de ran dlo nan je nou.

Paske moun k'ap vin detwi nou an ap atake nou san avèti.

27Ou Jer 1.18; 9.7 menm Jeremi, mwen mete ou la pou sonde pèp mwen an,

pou veye sa pèp la ap fè, pou ou wè sa li vo.

28Se Lev 19.16; Jer 9.4; Eze 22.18,20 yon bann move moun ki pa sòti pou yo chanje.

Y'ap mache pale moun mal. Tèt yo di tankou wòch ak fè.

Se yon bann lwijanboje.

29Y'ap Eza 1.22 vante dife a byen fò nan fòj la.

Dife a fè tout plon yo disparèt.

Men, pou pèp mwen an, ou te mèt fonn yo sou fonn,

kras yo p'ap sòti, move grenn yo p'ap disparèt.

30Yo rele yo vye lajan san valè,

paske mwen menm Senyè a, mwen voye yo jete.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help