Ezekyèl 9 - 1998 Haitian Creole

Jerizalèm resevwa chatiman l

1Apre sa, mwen tande Bondye pale byen fò nan zòrèy mwen. Li di konsa:

— Pwoche non, nou tout ki pral pini lavil la. Pwoche ak zam nou nan men nou!

2Lamenm, 2 Kwo 4.1; Eze 8.16 sis gason parèt nan pòtay ki bay sou nò nan lakou Tanp lan. Yo chak te gen yon zam nan men yo. Nan mitan yo te gen yon nonm ak yon rad twal fen tou blan sou li. Li te gen yon poban lank mare nan ren l. Yo antre, yo kanpe bò lotèl an kwiv la.

3Lè sa a, gwo bèl limyè ki make prezans Bondye pèp Izrayèl la sòti anwo tèt bèt vivan yo kote l te ye a, li deplase, l'al rete nan papòt pou antre nan Tanp lan. Senyè a rele nonm ak rad twal fen blan an ki te gen poban lank mare nan ren l lan.

4Li Sòm 119.136; Rev 7.3 di l konsa:

— Ale nan tout lavil Jerizalèm. Mete yon mak sou fwon tout moun w'a wè k'ap plenn, ki nan gwo lapenn pou tout vye bagay derespektan k'ap fèt nan lavil la.

5Mwen tande li di lòt mesye yo:

— Mache dèyè l nan tout lavil la. Epi touye! Pa gen pitye pou pèsonn. Pa kite pèsonn chape!

6Touye 2 Kwo 36.17; Rev 9.4 ni granmoun, ni jenn gason, ni jenn fi, ni fanm, ni timoun. Men, pa manyen moun ki gen mak sou fwon yo. Konmanse depi nan Tanp mwen an.

Yo konmanse ak chèf fanmi ki te kanpe nan Tanp lan.

7Bondye di yo:

— Derespekte Tanp lan! Plen lakou a kadav. Ale non!

Se konsa yo konmanse touye moun nan lavil la.

8Pandan Eze 7.8; 11.13 yo t'ap touye moun yo, mwen te rete pou kont mwen. Mwen tonbe ajenou, mwen bese tèt mwen atè, mwen rele byen fò:

— Wouy! Senyè Bondye sèl Mèt la, eske ou pral touye tout rès pèp Izrayèl la, paske nan kòlè ou ou sòti pou pini lavil Jerizalèm?

9Li 2 Wa 21.16; Eze 7.23; 8.12 reponn mwen:

— Moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo fè anpil wi! Se san k'ap koule toupatou nan peyi a. Lavil Jerizalèm plen moun k'ap fè lenjistis. Y'ap plede di mwen menm, Senyè a, mwen vire do bay peyi a, mwen pa wè yo.

10Enben, Eze 7.4 mwen p'ap gen pitye pou yo, mwen p'ap fè pa yo. M'ap fè yo peye pou sa yo fè.

11Apre sa, nonm ki te gen rad twal fen tou blan sou li a ak poban lank mare nan ren l lan tounen. Li fè rapò l bay Senyè a, li di l konsa:

— Mwen fè tou sa ou te ban m lòd fè a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help