1Cheche dlo nou! Wi, cheche dlo nan je nou!
Se Bondye nou an menm ki di sa.
2Rele Nou Eza 52.7 menm moun lavil Jerizalèm, moute sou yon mòn byen wo,
gaye bòn nouvèl la!
Nou menm moun mòn Siyon yo, pale byen fò,
gaye bòn nouvèl la!
Nou mèt pale fò. Nou pa bezwen pè!
Di moun lavil peyi Jida yo
men Bondye nou an ap vini!
10Men Eza 62.11; Rev 22.12 Senyè ki gen tout pouvwa a!
L'ap vini avèk tout fòs kouray li.
Li pral pran pouvwa a nan men l.
L'ap mennen moun li te delivre yo avè l. Y'ap mache devan l!
Se rekonpans li. Se rezilta travay li.
11Tankou Mat 18.12; Lik 15.5; Jan 10.11; 21.15 yon gadò, l'ap okipe mouton l yo.
Se li menm k'ap sanble yo.
L'ap pote ti mouton yo sou bra l.
Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.
Bondye pèp Izrayèl la pa gen parèy12Kilès Pwo 30.4 ki ka mezire ak men li valè dlo nan lanmè?
Kilès ki ka pran lajè syèl la ak dwèt li?
Kilès ki ka mete tout tè a nan yon ti mezi?
Kilès ki ka pran pèz gwo mòn yo ak ti mòn yo nan balans?
13Ki Wòm 11.34; 1 Kor 2.16 moun ki ka di Senyè a sa pou li fè?
Ki moun ki te ba li konsèy?
14Ki Jòb 21.22 moun Senyè a t'al jwenn pou l'te ka gen bon konprann?
Ki moun ki te moutre li jan pou li rann jistis?
Ki moun ki te ba li konesans?
Ki moun ki te fè li konnen jan tout bagay fèt?
15Gade! Eza 29.5 Devan Senyè a, nasyon yo tankou yon gout dlo nan yon bokit.
Yo pa peze plis pase ti pousyè nan yon balans.
Moun zile yo menm, yo lejè pase pousyè van ap leve!
16Bèt Sòm 50.10 peyi Liban pa ase pou fè ofrann ofri bay Bondye
ni bwa li yo p'ap kont pou boule sou lotèl li.
17Tout Sòm 62.9; Da 4.35 nasyon yo mete ansanm, yo pa anyen devan Senyè a.
Li pa pran yo pou anyen. Yo pa vo anyen nan je l.
18Ki Eza 46.5; Tra 17.29 moun nou ka di ki tankou Bondye?
Ki pòtre nou ta fè ki pou ta sanble avè l?
19Bòs Oze 13.2 atizan an pran yon moul pou fè yon estati.
Ofèv la kouvri estati a nèt ak lò.
Li fonn ajan pou soude l nan plas li.
20Sa Jer 10.3-5 ki pa gen gwo mwayen fè yon estati an bwa.
Li chwazi yon bon bwa ki p'ap pouri.
Li chache yon bon bòs atizan pou travay li pou li,
pou fè yon estati ki p'ap tonbe kraze.
21Se Tra 14.17; Wòm 1.19,20 konnen nou pa konnen sa? Ki jan fè yo pat janm di nou sa?
Pèsonn pat fè nou konn sa depi lontan?
Nou pa janm chache konprann ki moun ki fè latè?
22Moun Nonb 13.33; Jòb 9.8 ki fè l la chita anwo nèt, anlè tè a, depase syèl la.
Moun ki sou latè, se tankou fwomi yo ye devan l.
Li deploye syèl la tankou yon rido.
Li louvri syèl la tankou yon tant kote pou moun rete.
23Li Jòb 12.21 wete tout pouvwa wa yo te genyen.
Li fè chèf k'ap dirije lèzòm sou latè yo pase pou anyen.
24Yo Sòm 83.13 tankou yon jenn ti plan ki fèrenk ap pouse fèy,
ki fenk ap fè rasin anba tè.
Senyè a fè van li soufle sou yo, yo cheche.
Yon toubouyon van an pote yo ale tankou pay.
25Ki moun nou ka di ki tankou m?
Ki moun ki pou ta sanble avè m?
Se Bondye apa a ki di sa.
26Leve je nou gade syèl la.
Ki moun ki kreye tout sa nou wè yo?
Tankou yon gwo lame, li bay yo chak plas yo.
Li bay yo tout non, li konn non yo chak.
Yonn pa janm manke nan syèl la!
Li gen gwo pouvwa, li gen anpil fòs.
27Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, poukisa n'ap plenyen konsa?
Nou menm, pèp Izrayèl la, poukisa n'ap plede di:
Senyè a pa konn sa n'ap pase!
Bondye nou an p'ap fè anyen pou defann kòz nou!
28Se Jòb 11.7; Sòm 121.4; 147.5 konnen nou pa konnen? Kouman? Se di yo pa janm di nou sa?
Senyè a se Bondye ki la pou tout tan an!
Se li menm ki kreye tout latè.
Li pa janm bouke, li pa konn pèdi souf.
Pèsonn pa ka konprann lide li gen nan tèt li.
29Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs.
Lè yon moun febli, li ba l kouray ankò!
30Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke.
Lè konsa, yo bite, yo tonbe.
31Men, Sòm 103.5 Senyè a ap bay moun
ki mete konfyans yo nan li fòs ankò.
Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale.
Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke.
Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.