Sòm 149 - 1998 Haitian Creole

SÒM 149Lwanj Bondye ki ban nou laviktwa

1Lwanj Sòm 33.3; 89.5; Sòm 95.6; Zak 9.9 pou Senyè a!

Chante yon chante tou nèf pou Senyè a!

Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l yo lè yo reyini!

2Se pou pèp Izrayèl la fè kè l kontan, paske se li menm ki fè yo.

Se pou tout pèp Siyon an fè fèt,

paske se li menm ki wa yo.

3Se Egz 15.20; 2 Sam 6.14 pou nou danse pou fè lwanj li!

Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li!

4Senyè a Sòm 35.27; 147.11; Pwo 11.20 pran plezi l nan pèp li a,

li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo.

5Se Jòb 35.10; Sòm 63.6 pou pèp Bondye a fè kè yo kontan,

paske yo genyen batay la.

6Se Sòm 66.17; Eb 4.12; Rev 1.16 pou yo rele byen fò

lè y'ap fè lwanj Bondye,

avèk nepe nan men yo,

7pou tire revanj sou nasyon yo,

pou pini pèp yo,

8pou yo mete wa yo nan chenn,

pou mete grannèg yo nan sèp an fè,

9pou ba yo chatiman ki te ekri a.

Se va yon bèl bagay pou tout moun k'ap sèvi Bondye.

Lwanj pou Senyè a!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help