1Men sa ki te nan liv Bawouk, pitit gason Neriya a, te ekri lavil Babilòn. Neriya sa a te pitit Maseya, Maseya te pitit Sedesyas, Sedesyas te pitit Asadyas, Asadyas te pitit Ilkija.
2Lè Bawouk te ekri liv sa a, se te sètyèm jou nan mwa a, nan senkyèm lanne depi moun Kalde yo te pran lavil Jerizalèm epi yo te met dife ladan l.
3Bawouk te li sa ki nan liv la devan Jekonya, pitit gason Jojakim, wa peyi Jida a, ak devan tout pèp la ki te reyini vin tande.
4Li li l devan tout otorite yo, tout fanmi wa yo, tout chèf fanmi yo ak devan tout pèp la, depi grannèg yo jouk ti piti yo, ki vle di devan tout moun ki te rete lavil Babilòn bò larivyè Soud la.
5Lè moun yo fin tande pawòl ki te nan liv la, yo t'ap kriye, epi yo rete san manje ap lapriyè devan Granmèt la.
6Apre sa, yo ranmase lajan chak moun te bay dapre sa yo genyen.
7Epi yo voye lajan an lavil Jerizalèm pou Jojakim, prèt la, pou lòt prèt yo ak pou tout moun ki te lavil Jerizalèm ansanm ak prèt la. Jojakim sa a te pitit Ilkija, Ilkija li menm te pitit Salòm.
8Anvan sa, Bawouk te gentan pran tout bagay ki pou tanp Granmèt la, bagay lènmi yo te wete nan kote ki apa pou Granmèt la, li te voye yo tounen nan peyi Jida jou ki te make dis nan mwa Sivan an. Se Sedesyas, pitit Jozyas, wa peyi Jida a, ki te fè bagay sa yo an ajan pou mete nan Tanp lan,
9apre Nebikadneza, wa Babilòn lan te depòte Jekonya sòti lavil Jerizalèm mennen l ale lavil Babilòn ansanm ak chèf yo, prizonye yo, zotobre yo ak pèp peyi a.
Lèt yo voye lavil Jerizalèm lan10Men mesay yo te voye ansanm ak lajan an:
— N'ap voye lajan sa a ban nou pou nou ka achte bèt pou nou boule ofri bay Bondye ak bèt pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche. N'a achte lansan, n'a fè ofrann, n'a pote bèt pou yo touye sou lotèl Granmèt la, Bondye nou an.
11N'a lapriyè pou Nebikadneza, wa Babilòn lan, ak pou Baltaza, pitit gason l lan, pou yo ka viv lontan lontan, tankou tan syèl la gen anwo tè a.
12Lè sa a, Bondye Granmèt la va ban nou fòs, l'a klere je nou, pou nou ka viv anba pwoteksyon Nebikadneza, wa Babilòn lan, ak anba pwoteksyon Baltaza, pitit gason l lan, pou nou ka sèvi yo pandan lontan. Konsa, n'a fè yo kontan nou.
13Lapriyè Granmèt la, Bondye nou an, pou nou menm tou, paske nou fè peche kont li. Se poutèt sa, jouk jounen jòdi a Granmèt la pa sispann fache sou nou, l'ap fè kòlè sou nou toujou.
14Lè n'a reyini nan Tanp lan jou fèt Joupa yo, ak lòt jou fèt ki bay okazyon pou sa, n'a li sa ki nan liv n'ap voye la a pou nou ka rekonèt peche nou devan Bondye.
Lapriyè pou rekonèt peche nou yo15N'a lapriyè konsa pou mande Bondye padon pou peche nou yo:
— Rezon an se nan men Granmèt la, Bondye nou an, sa ye. Men, pou nou menm se lawontèz jan yo ka wè sa sou figi nou kounyeya. Wi, lawontèz pou moun peyi Jida yo, pou moun lavil Jerizalèm yo,
16pou wa nou yo, pou chèf nou yo, pou prèt nou yo, pou pwofèt nou yo ak pou zansèt nou yo,
17paske nou peche kont Granmèt la.
18Nou pa kenbe pawòl nou ak li, nou pa te koute Granmèt la, Bondye nou an, lè li t'ap di nou se pou nou mache dapre lòd li mete devan nou an.
19Depi jou Granmèt la te fè zansèt nou yo sòti kite peyi Lejip la jouk jounen jòdi a, nou pa janm kenbe pawòl nou ak Granmèt la, Bondye nou an. Nou pran tout bagay sa yo pou jwèt, nou pa koute l lè lap pale ak nou.
20Konsa, jan yo ka wè l jòdi a, tout malè sa yo ap tonbe sou nou yonn apre lòt. Nou anba madichon Granmèt la te mete nan bouch Moyiz, sèvitè l la, jou li te fè zansèt nou yo sòti kite peyi Lejip pou l te ba yo yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo.
21Men, nou pa koute sa Granmèt la, Bondye nou an, t'ap di nou, dapre pawòl li te mete nan bouch pwofèt li te voye yo.
22Konsa, chak moun ap viv dapre move lanvi yo gen nan kè yo. Nou lage kò nou nan sèvi lòt bondye, nan fè sa ki mal nan je Granmèt la, Bondye nou an.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.